Dary, Daphne

ARTIST/BAND /GROUP INFORMATION

Born In/Current Location : New york City
Occupation(s) : Singer, Song Writer
Genres : Konpa

Majeste Queen Dada (Daphné Dary), yon fanm trè janti, senpa Tak yon afeksyon san parèy li ap enjekte sou ou, sèt sou sèt. YOU Manmzèl fèt yon 8 Oktòb, nan Bwouklin e leve la tou, ap tande mizik tankou: Soul, Hip Hop ak RnB. Li grandi nan yon kay kote li konn ap gade manman li ak papa li ap danse sou mizik Coupé Cloué, Taboul Combo, Skah Shah, elatriye… Se konsa yon rigòl san Compas Direct vin enjekte nan venn li yo. Manmzèl te konn pèfome nan koral legliz epi fè kèk aparisyon nan pyès teyat lekòl li. Daphné te menm rive pefòme yon fwa pou PBS, yonn nan gwo netwok televizyon nan Etazi ni.

Yon Samdi, granm ti maten an Oktòb 1997, Daphné resevwa yon apèl de bon zanmi li Alan Cavé, pou li rejwenn Zin nan yon toune ki ta pral de woule nan Boston. Queen Dada te zanmi ak Alan, anvan li rantre nan Zin. Nan lane 1996, se Alan ki batize premye pitit gason Daphné a ki rele Michael. Queen lan ta pral rantre nan Zin, sou kote Princess Georgy, pou ranplase Shirley Desgrottes ki te fose gwoup la konpayi, pou yon lot fwa.

Daphné se yon trè bon chantè e yon dansè trẻ remakab sou sen. Kan manmzèl fenk rejwenn gwoup la, nan chak presta syon Zin, li te konn entèprete” All The Way yon gwo hit Eddy Saint-Vil konpoze, men se Magguy Foreste ki te gen gwo ve detarya sou mizik sa a. Daphné vin gen vwa li an lid nan mizik *. * sou albòm Patrick Apollon & Roméo Volcy Se Zin an. Apre sa, Eddy vin lage de lòt gwo tonton hit nan men manmzèl ki se « Padone M » sou albom Kanpe Sou Yon Bit la, epi Hasta La Vis ta sou albom 3 Let Selman an Se de dènye chanson sa yo ki ta pral fè li jwenn apresyasyon kote anpil fanatik toupatou, sa te ede manmzèl atenn yon popilarite anplis. Li te koumanse ap dore repitasyon li nan yon seri aparisyon epoustouparak det ak detwa bèl koyegrafi, bèl jès e abiman trè seksi, pafwa menm oze. Anpil fanatik han Nouyok e menm an deyò Nouyòk te vin adere ak li, e vin gen anpil apresyasyon ak estim pou li. Nan moman kan Queen lan ta pral kite Zin, se lè sa tou, li te vin pote pwòp fanatik pa li pou gwoup la. Anpil moun te konn vin nan Zin pou Queen Dada, epòk sa yo. Domaj !

Pandan manmzèl te ap fini ak tounaj videyo Hasta La Vista ak Pa done M, Zin te gen pou vwayaje sou Miyami, epi yon ensidan vin pase. Te vin gen yon ti bat bouch ant Dada e manajment Zin an. Jou sila, se te yon Dimanch nan mwa Me 2004, manmzèl te tris anpil, se mwen Queen lan te mande pou al depoze lakay li, apre ensidan an. Sou wout la, li pa te nan bon sans li menm, li te twouble. Manmzel di m, pou bon relasyon li gen ak mizisyen e manajment Zin, li pa panse sa ta pase konsa. Daphné te gen tan ap devlope yon santiman de regrè, pandan li nan machin lan. Li te trè nays, trè kalm ak mwen pandan tout pakou a. Mwen te kon seye li pou rele manajè Salazar Jean-Baptiste nan demen pou eksplike malèz la. Men, li te chwazi pa fè suivi a.

Apre sa, yon bann ak yon pakèt pawòl depaman, dwategoch, imajinė, san fondman vin ap pale sou rezon ki lakoz Queen lan pa te rele pesonn nan gwoup pou bay ankenn eksplikasyon. Zin ret tann pou li retounen sou desizyon li pandan anpil tan. Paske menm jan manmzèl pa te vle abandone Zin an, se te menm san timan pou mizisyen Zin yo tou. Lanmou an te tou de kote yo, men lavi a pafwa fè de nou tout sa li vle. Konsa gwoup la vin pase yon bon bout tan ap pèfome ak Virginia Mahotière (Nia) kòm sèl figi feminen sou sèn. Mwen pa reyèlman konnen sa ki vin pase li, apre. Men manmzèl te kite mwen kwè jou sa a, anvi li pou toujou te fè pati djaz la. Li pa te jwenn ase mo pou li te dekri lanmou li pou chak moun nan lafanmi Zin an. Anplis li te fenk fini ak tounaj Padone M e Hasta La Vista ki se de premye videyo ki ta pral mete li an vedèt toutbon, sou sèn entènasyonal la. Joukaprezan bèl imaj videyo sa yo toujou nan tiwa lakay maestro Alex Abellard.
Pa Pierre Michel Théodat (08 octobre 2020)

Queen Dada se yon vre bèt sou sèn, kan li sou yon podyòm, ou pa kab pa remake li. Manmzèl renmen wè tèt li sou podyòm ak mi zisyen yo ki nan gwoup la, e li toujou manifeste lanmou enkondisyo nèl li pou tout lanfanmi Zin an; anplis li pa janm ezite repete jan li vreman fyè deske li te yon manm nan bèl anviwonman sa a. Daphné toujou gen yon ti mo espesyal pou chak frè e sè mizisyen li yo. Kan manmzèl pral pèfòme, depi ou bò kote li, gen anpil vibrasyon ki pou rive sou ou, anpil emosyon ap degaje, ou gen tan konprann, trapde, se yon megasta ki pral monte sou yon sen sakre. Li toujou montre. apreyansyon li nan aparamman laperèz ou kab wè ki gen nan ekspresyon vizaj li. Daphné te gen anpil chans fè pati nan ekip le Zin te atenn pi gwo nivo nan jwe bon Compas Direct nan lane 2000.

Queen lan di, se papa li ki ewo li, se papa li ki wa pou li. Epi tou, se papa li ki montre, li kotaman pou yo trete yon rèn ak respe e apresyasyon. Band
Fanatik li yo te renmen wè li anpil sou sen, e li menm tou te renmen pèfòme ak tout nanm li pou yo. Hasta La Vista rete mega hit referans Queen Dada, paske jouk rive jounen jodia, apre zez lane, anpil jèn atis ak jen gwoup fanm nan mizik ayisyen an pa Soal janm sispann entèprete mizik sa a. Epi tout lot fanm ki pase nan Zin apre Queen lan entèprete e fè anpil siksè ak moso sa a.
Aktyèlman Daphné ap travay sou yon pwojè ki rele KEYZ ak Cassique Jean Louis (Ksik) (ansyen kibodis Zin). You » se non yonn nan bèl nouvo mizik li yo ki lage sou tout rezo sosyal yo, pou fanatik li yo kab al tande. Manmzèl fenk rebatize non li, kounyea nouvo non an se Majes D Queen Dada.

Facebook Comments

Visits: 78

ARTIST PHOTO

ALBUMS

LYRICS

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives