LYRIC

[Verse 1]
Farinay lapli sou sapin Furcy
W’ap mache pou ou rantre
Mwen kanpe m’ap gade w
Brouya t’ap karese w, dlo t’ap kouri nan je w
Men kisa k’ap pase w, vin rakonte zanmi w
Men cheve w tou mouye, ti kòw t’ap tranble
Ou kouri vinn kenbe m, o ou te si bèl
[Verse 2]
Zanmi w ap tande w, kite kè w pale
Byen depi nou tou piti, pawòl nou ini
Konsa l’ap rakonte m sa menaj li ap fè l pase
Yo sanlè kase, men li pa ka lage l
Depi l pale m de li, se nanm mwen k’ap soufri
Si m te nan plas li, bèl lanmou ta fleri
[Refrain]
Cheri, pa pale m’ de li
Doudou, poukisa se ou
Cheri…
[Verse 3]
Lapli fin tonbe, lanwit mete pye
Zandolit yo pran chante, li lè pou ale
Chak fwa l gen pou l’ale, se kè m’ape kenbe
Pou bouch mwen pa chape, pou pawòl la pa pale
M’ta soulaje si m di l’, men konsa mwen ka pedi l’
Se li k’ pi bon zanmi m, lamitye twò frajil
[Refrain]
Cheri, pa pale m de li
Oh doudou, pou kisa se ou
Oh cheri…
[Outro]
Oh, Cheri, pa pale m’ de li
Oh, doudou pou kisa se ou?
Cheri, pito n’ pat zanmi
Wohooo, pito n’ pat zanmi
Wooo, cheri…

Facebook Comments

Visits: 67


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives