LYRIC

Fin ban-m zoklo fin ban-m prizon
Epi w lage-m nan child support
Sa pa fèt (sa pa fèt non)
It’s not fair
A-ah fin ban-m zoklo fin ban-m prizon
Epi w lage-m nan child support now
Sa pa fèt (men sa pa fèt non)
It’s not fair non non non

Nan peyi serye dwa fanm respekte
Lè youn nonm panse deraye pou w frape danje
Men sa pa vle di pou w abize yon lwa cheri
Nan ka sa mwen douja viktim
Men kounye-a w soti pou detwi lavi-m

Ban-m youn chans pou m wè timoun yo
(Tanpri ban mwen yon ti chans)
Ban-m youn chans pou mwen nan vi yo
(Pou mwen nan vi yo)
Se tout dwa-m se mwen k papa yo
Si gon verite fô n di yo

Kote m te ye ankò-a
Ah tèt mwen pati
OK m wè ki bò m ye!

Kounye-a m devan jij
Y’ap mande-m qui suis-je?
Mwen pa janm frape-w ni joure-w
Tèlman m adore-w
Ou fin ban-m zoklo
Ou pa menm vle m wè timoun yo
Pou lajan ou pèdi rezon
W abize lalwa ou fè-m pran prizon

Ban-m youn chans pou m wè timoun yo
(Pou m wè timoun yo)
Ban-m youn chans pou mwen nan vi yo
(Pou mwen nan vi yo)
Se tout dwa-m se mwen k papa yo
Si gon verite fô n di yo

Child support ta sipoze aplike nan lemond antye
Aux Etats-Unis son lwa ki pou proteje fanm
Kont gason kap bay gòl kouri se nòmal
Lè w paka okipe timoun ou pa bay gwòs
Men nan ka pa-m nan l’diferan
M okipe pitit mwen
Se ou kap bay pwoblèm
It’s not fair!

Kite Zenglen poze
Kòm nou ka wè
Bagay yo still wòch sou wòch
Metal sou metal

Chak fwa m’ap panse
Dlo koule nan je-m doudou
Pou jan nou te renmen
Pou jan nou tap mennen
Menm lè m pa la
Pèsòn pap chanje sa
Timoun yo se pitit mwen
Se vi mwen, se san mwen yo ye
Timoun yo se pitit mwen
Se vi mwen, se san mwen yo ye

Fin ban-m zoklo fin ban-m prizon
Epi w lage-m nan child support now
Sa pa fèt (sa pa fèt non)
It’s not fair
Eh ou fin drive kò-w nan lari-a
Epi se mwen sèl kap pran presyon
Sa pa fèt (sa pa fèt non)
It’s not fair non non non

Eh yon jou w pral regrèt
Timoun yo pral grandi cheri
Yo pral poze-w kesyon
Mammy where is daddy?
Ou pap ka bay manti
Paske lasosyete deja konnen
Sak pase, gen twòp je ki tap gade
M di-w manyè kòmanse medite konsyantize

Ou pa ta fè-m sa
(Cheri mwen)
Ou pa ta fè-m sa
(Pou jan m te renmen-w)
Ou pa ta fè-m sa
(Pou jan m investi)
Ou pa ta fè-m sa
(Ou fè m fè tansyon wi)
Ou pa ta fè-m sa
(M santi map mouri)
Ou pa ta fè-m sa
(Ou pa ta fè-m sa)
Ou pa ta fè-m sa
(Ou pa ta fè-m sa woy)

E o-ho (se mwen)
E o-ho (se mwen)
Lè bil pou peye (se mwen)
Timoun pral lekòl (se mwen)
Fanmi-w gen pwoblèm (se mwen)
Lè w gen maladi (se mwen)
Cheri ou pa ta fè-m sa (se mwen)
Doudou m pa merite sa (se mwen)
M pa konn le premier (se mwen)
M pa konn le dernier (se mwen)
Lè pa gen manje(se mwen)
Ou bezwen lajan(se mwen)
Cheri ou pa ta fè-m sa (se mwen)
Honey m pa merite sa (se mwen)
E o-ho (se mwen)
E o-ho-ay (se mwen)
E o-ho (se mwen)

Facebook Comments

Visits: 106


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives