LYRIC

Pafwa nou pran lanmou pou jwèt
San n pa rann kont li tounon fwèt
Si w tande mizik sa w gon chans
Pral evite-w yon move eksperyans

M’anvi yon fi
Men se pa lanmou mwen gen pou li
Men pou m fè-l aksepte mwen di-l sa l vle tande
Tonbe pou li se dènye bagay mwen ta swete
(Epi se sak rive)
Tèl est pris qui croyait prendre
Li pa janm twò ta pou w aprann
Lè metye-w se mache bay kou
Gon lè viktim la se pral ou

Moman foli
Se nan zen lanmou m te gentan pri
De semèn ap pase manmzèl pa janm rele
Kè-m chavire se nan reflechi m reyalize
Mwen pran nan FKD

Mesye dam map ban nou yon ti konsèy
Pa di se pawòl anpil
Feeling son bagay ki san parèy
Tèlman li frajil
Bon jennjan bon flannè se radòt
Lanmou pa janm frape pòt
Si m te konn panse konsa avan
Mwen pa tap pran nan FKD

– O o sa map fè la
– Sa wap fè la? Te kwè m te di-w entèl son limyè rouj
– An se sa w te vle di? M pat konprann
– Se pou w te tande. Men djazz ayisyen pa negosye a! Leve de men-n anlè! Ayiti! Nap vini!

Depoze konpa a
Vipip! C’est du cassé (Sou ki sa?)
Sou bisiklèt woy! (Yo te pale-w)

An n tande sa yo di la

Se konsa bagay yo ye
Lè limyè rouj fô w kanpe
Ou pap pran nan FKD
Don’t cry, baby don’t cry
Yo di-w moun sa son limyè rouj
San li poze

Ah bèl lanmou tonbe de semèn pase
Manmzèl pa rele (W pran nan FKD)
Ou gentan pè ou tankou moun fou
Lanmou pran tèt ou (Monchè ou blaze)
Ou fèk akouche ou gon ti bebe li pa gen papa (W pran nan FKD)
Ou dekontwole, w debousole men l gentan twò ta (Baby ou fware)

Se konsa bagay yo ye
Lè limyè rouj fô w kanpe
Ou pap pran nan FKD
Don’t cry, baby don’t cry
Yo di-w moun sa son limyè rouj
San li poze

– Ebyen Richie fô w esplike sak FKD a wi. M pa konn kòman w pral fè-l
– Ah nou ka jere ti sa Baby Fay check it!

F la se Fin
Nou pa ka di K a gen timoun la
D a Demake, li fin konnen l demake
Kopye ra ha ha ha ha!

{Ban dèyè a}
F la se Fin
Nou pa ka di K a gen timoun la
D a Demake, li fin konnen l demake

Bèl lanmou tonbe de semèn pase
Manmzèl pa rele (W pran nan FKD)
Ou gentan pè ou tankou moun fou
Lanmou pran tèt ou (Monchè ou blaze)
Ou fèk akouche ou gon ti bebe li pa gen papa (Lè w nan FKD)
Ou dekontwole, w debousole men l gentan twò ta (Baby ou fware)

F la se Fin
Nou pa ka di K a gen timoun la
D a Demake, li fin konnen l demake
Wap agase li!

{Ban dèyè a}
F la se Fin
Nou pa ka di K a gen timoun la
D a Demake, li fin konnen l demake
Men konpa a!

Facebook Comments

Visits: 72


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives