LYRIC

Ooooo you’re in trouble
Mezanmi yo pranm

Challenge baby a moin di w mesie
Challenge madanm ou pou l pa detrouble
Konnenn minnaj ou avan w marie
Sa ka ede’w detekte vis kache
Lontan le w soti ak minnaj ou ou oblije ap suveye
Flannè kape cheke flannè kape blage
Kounia bagay yo chanje
Les choses sont devenu nouvelles
Paske gen flannè mal e gen flannè femèl

A pa w sezi
Challenge baby a moin di w mesie
Challenge madanm ou pou l pa detrouble
Konnenn minnaj ou avan w marie
Sa ka ede’w detekte vis kache
Vandredi soi m soti ak boubout moin
Weekend nan bel m envi danser zenglen
Pandan map bien dodo yon bebe frape m nan do
Manmzel estomake
Li di se a mennaj moin wi wap danser
M pa janm sezi konsa
M mande madanm moin question li dim piga w banm pression
Depil te demoiselle li renmen flannè femèl
Li dim piga w banm pression
Moin renmen sa net
Moin pa gen problem a sa
Men cherie fèm konnin
Moin ta renmen ladann tou

Avan w kouri marie chercher konnen mennaj ou
(Konnen minnaj ou)
Ou ka panse l’ fidel poutan se on flannè femèl se on flannè femèl
Avan w kouri marie chercher konnen boubout ou
(konnen boubout ou)
Ou ka panse fidel pourtant se on flannè femèl Se flannè femèl
Expérience moin se on lesson – wohh
Lesson pou tout jen gason – wohh
Jan m te panse m te macho – wohh
Gad jan m ta pe fè zero

Mezanmi mezanmi
Depoze depoze
Ay manman ay manman ay manman
Flannè femel envayi jazz la
E pi yo look good toutan

Yo di zenglen se on religion
Moun damou moun marie
Depi yo tande voi sa
Depi yo tande groov sa
Yo di zenglen se on religion
Moun damou moun marie
Fanatic pa negotie
Se nan jazz yap chercher

Se pou nou dim ki kote Brutus te marie se nan zenglen
Se pou nou di m ki kote Richie fiance se na zenglen
Se pou nou di m ki kote Eddy te marie se nan zenglen
Se pou nou di ki kote Esbi fiance woy
Se pou nou dim ki kote Alain pral marie se nan zenglen
Se pou nou di m ki kote Nikkie fiance se nan zenglen
Paske se nan jazz ke fanm ka trouve nonm
E nonm ka trouve fanm mwen di fanm ka trouve fanm
Se nan Zenglen
Ah ha

Facebook Comments

Visits: 52


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives