LYRIC

[Verse 1]
Depi m maten mwen wè w leve ak bouch ou mare
Ou tankou w prèsk pou eklate tèlman ou fache
Mwen swete w pa kite jalouzi fè w ap mal aji
Apre sa pou plede di w sorry
Wa sonje lè bagay bon pou ou,
Pap manke zanmi ki plis ke pare pou jwi w
Men si jamè w ta gen on pwoblèm y ap pi vit demake w
[Chorus]
Wa sonje tout sa nou sakrifye
Pa bliye sa lanmou nou reprezante
Sonje pou verifye tout sa yo vin rakonte w
Avan w deside kondane m cheri
[Verse 2]
Ou pran plezi w pou meprize m pandan n menm kote
Zanmi w di sa yo vle sou mwen, pa banm chans pale
Di mwen non kijan w eksplike pou relasyon sa a mache,
Si ou trete m kon timoun cheri
Nan moman lè ou te konn soufri yo,
M pat janm fè yon pa malgre mwen te gen lechwa
Mwen pa di w sa pou repwoche w, men jan w fè l la blese m
[Chorus]
Wa sonje tout sa nou sakrifye
Pa bliye sa lanmou nou reprezante
Si jamè w ta deside ke nou pa dwe kontinye
Yon sèl bagay m vle w konnen, O Bondye mwen inosan
[Keyboard solo]
Karizma….hey, men konpa
Shedley, depi anlè
Woy…
[Pre-hook]
Ou pa ta fè m sa wo (Baby m pa merite sa)
Pa merite sa wo
Ou pa ta fè m sa wo
Cheri…
[Hook]
M inosan cheri, mwen inosan
M inosan cheri, ou pa wè m inosan
[Verse 3]
Konbyen fwa m prouve w m renmen w
Gen sa k fache pase se pou mwen ou ye
Tandiske se menm moun sa a ki mande w soti
[Hook]
M inosan cheri, mwen inosan (Ou genlè pa wè sa)
M inosan cheri, ou pa wè m inosan
[Verse 3]
Oh Lord…
[Keyboard solo]
[Pre-hook]
Ou pa ta fè m sa wo (Cheri m pa merite sa)
Pa merite sa wo
Ou pa ta fè m sa wo
[Guitar solo]
Yes, la vérité blesse

Facebook Comments

Visits: 45


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives