LYRIC

Kilè

Wou wou wou wou
Wou wou wou wou

Ou jou aprè midi te gen ou gwo la pli
Mwen te kouche nan chanm mwen map reflechi
Sak pou fet nan moman an pou ka gen lot vi
Mwen we fom ta ave’w poum nan paradi.

-Choeur
Kilè pou mwen wè’w pou mwen ka touche
Kile pou mwen wè’w embrase’w, karese’w, suye dlo
Nan je’w
Kilè pou mwen wè’w pou ou ka touche’m
Kilè pou mwen wè’w embrasse’w, karese’w, suye dlo
Nan je’w

Mwen ta renmen konnen ki lè map viv byen
M’ta renmen bo kote’w tout nwit tout jounen
Paske ou se sel dlo mwen bwè ki fè’m byen
Menm si mwen tap trennen ou pap janm chagren

-Choeur
Kilè pou mwen wè’w pou mwen karess’w
Kilè pou mwen wè’w ri avè’m, jwe avè’w, soti avè’w
Kilè pou mwen wè’w pou ou karese’m
Kilè pou mwen wè’w, ri avè’m, jwe avè’m soti avè’m.

Mwen santi nan kè mwen se konsa ou feel
Menm si pou’w viv avè’m sa pa ta fasil
Paske situation la vi a difisil
Men sa pa empeche nou renmen anpil
E lanmou nou pi wo pase poto san fil
Men tankou yon ti bebe li ka trè fragil
Car lè nou pa ansanm la vi nou pa trankil
E si’w renmen’m jan mwen renmen’w nou fè
Match nul.

-Choeur
Ki lè, ki jou, kile na va wè
Ki lè, ki tan, na va touche kè
Ki lè, ki jou zye’m ava we’w kilè
Ki lè, ki tan

-Rap
Kilè kilè whatcha krazem cheri
Kilè poum we avè’w poum kapab gen yon lot vi
Kilè kilè whatcha krazem doudou
Kilè pou’m wè avè’w pou mal nan paradi
Wa dim kilè bebe yeu nou ava kontre
Pou chagren nan kè’m ka elimine
Menm le map domi se avè’w map panse
Mwen pa fe lot rèv si se pa ou’m reve
Gen de lè’m patan nan domi’m kriyr
Le’m realize se nan on rèv mwen te ye
Paske nan kem, mwen miss ti lanmou sa’a bebe
E ou mèt kwè mwen se yon realite
Le jou map antre legliz pou’m marye
Kè’m ap pi kontan si se wval ou’m leve
E menm le baby se pa sa’l ta ye
Map toujou renmen’w pou l’eternite.

Kilè kilè whatcha krazem cheri
Kilè pou’m wè avè’w pou’m kapab gen yon lot vi
Kilè kilè whatcha krazem doudou
Ki lè pou’m wè avè’w pou mal nan paradi

Ki lè, ki le na va wè
Ki lè, ki tan, na va touche kè
Ki lè, ki tan yeux’m ava wè’w kile
Kilè, ki jou, na viv pi prè.

Facebook Comments

Visits: 49


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives