LYRIC

Si lakansyèl te gen vwa
Si lakansyèl te ka chante
Se tankou Lumane li ta chante
Kote Limàn pran lavwa
Gen yon toubiyon ki leve
Mande pye palmis yo danse
Epòk sa a se nan tan Bisantnè
Si ou fèt avanyè ou pa sa konnen
Kouman ayisyen te fou pou li
Kouman yo te renmen Lumane Casimir

Yon tifi, yon ti kòmè pwovens
Ki rive Pòtoprens vini chache lavi
Yon tifi, san fanmi san zanmi
Yon gita anba bra
L ak yon espwa nan vwa l
Lè l kanpe, lè l kanpe pou l chante
Wosiyòl k ap pase vin poze pou tande
Se konsa anvan 1 an pase
Bèlè kou Bwavèna se de li y ap pale

Nan yon ti kay san limyè
Ki te nan lakou Fò Senklè
genyen yon fi ki pwatrinè
Se la yo di l remize
Gen yon sèl moun k ap okipe l
E se pa toulejou l vini
Gen de twa timoun nan vwazinay
Ki konn fè ti goutay pou ba li manje
San konnen se yon dènye zanmi
Se yon dènye fanmi Lumane Casimir

Lè l mouri, lantèman l ap chante
Tout moun li te fè byen yo youn pa prezante
Men se te yon jounen san solèy
Syèl la t ape kriye tout nyaj yo te pran dèy
Pye lorye ki gen sou plas Sentan
yo pliye yo panche pou yo salye Limàn
E nan van, nan van ki t ap pase
Gen moun ki fè sèman yo tande l ap chante

Papa Gede bèl gason, Gede Nibo bèl gason
Abiye tout an blan pou l al monte o palè
Lè l abiye tout an blan, li pòtre yon depite
Lè l abiye tout an nwa, li pòtre yon senatè
Woy Papa Gede, adye Gede Nibo

Facebook Comments

Visits: 15


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives