LYRIC

Genre: Konpa
Album: New Chapter
Year: 2013
Produced by: Jam O P
Lyrics by: Kenny Desmangles

[Verse 1]
La vi’m son’w turbulans
Toujou an dekadans
Jodia kèm kontan men’l pa dure lontan
Zanmi toujou trayim, renmen toujou detwi’m
Lè’m panse mjwenn bone se lè sa’m fè erè
Mpa konn kisa poum fè ankò
Men map kontinye fè plis efò
Eske se mwen ki pi deven
Poukisa mpa janm kabap jwenn
Sa map chèche a (2x)
[Verse 2]
Chak fwa m’ fon’w moun konfyans
Mwen peye’l nan tout sans
Mtoujou bay tout mwen menm
Mpa janm jwenn anyen menm
Zanmi toujou trayim, renmen toujou detwi’m
Lè’m panse mjwenn bone se lè sa’m fè erè
Mpa konn kisa poum fè ankò
Men map kontinye fè plis efò
Eske se mwen ki pi deven
Poukisa mpa janm kabap jwenn
Sa map chèche a (2x)
New Chapter
[Pre Chorus]
Si se mwen menm ki gon’w defo
Mpral fè efò poum vin miyò
Mwen toujou ap fè moun plezi
Aprè sa se mwen ki soufri
Mwen pa kwè nan kenbe rankun
Paske pou mwen
Mwen toujou prè poum padone
Olie pou mwen ta kondane
[Chorus]
M’toujou bay kè mwen tout antie
Aprè sa se mwen ‘k toujou kriye
Fè’m subi pou ou tout lavi’m
Malgre sa mwen toujou viktim
Fè tout sa’m konnen pou’m ere
Mwen toujou toujou malere
Chita sou menm tab ak lanmou
Men nou pa janmen di bonjou
I don’t know what to do
Si gen on moun la ki konn sa map pale a
Eske sa poko janmen rive’w
Lanmou gen’w jan li voye’l anle
Li pa atrap ou ou pran on kout kouto nan kè
Tout sa mwen eseye pa janm ase
Mwen bal tout antie’m mpa janm jwenn mwatie
Mwen fè pou’m rann lòt satisfè
Let’s go

Facebook Comments

Visits: 107


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives