LYRIC

Pa fèmen je ou sou li, pa vire do ba li
Pa mete fen nan kontra a, pa panse ke li se yon ka pèdi
Li rele Ayiti, non li se Cheri
Mezanmi Ayiti, nou ka tounen nan paradi

Nou kapab
Nou ka sove li
Nou kapab
Nou ka fleri
Nou kapab
Nou ka mache
Si nou mete ansanm e
Nou kapab
Nou ka pwogrese
Nou kapab
Nou ka òganize
Nou kapab
Nou ka devlope li si nou chanje mantalite nou

Fèmen je ou sonje
Kòm Ayiti te chaje
Ak plezi
Tout moun te rele l
“La Perle des Antilles”
Li se pi bèl la
Se pi bèl syèl la
Ak solèy
Si nou vle, nou ka mete Ayiti sou pye

Nou kapab
Nou ka sove li
Nou kapab
Nou ka fleri
Nou kapab
Nou ka mache
Si nou mete ansanm e
Nou kapab
Nou ka pwogrese
Nou kapab
Nou ka òganize
Nou kapab
Nou ka devlope li si nou chanje mantalite nou

Pa ka chita toujou
Gade peyi nou
Depi gen lavi gen espwa
Mete ansanm, òganize
Se yon sak mache
Si nou tout kanpe
Nou ka fè move tan ale
Solèy la ap klere

Kite peyi a vanse
Wow! Ak tou sa ou vle
Tout mechan yo ap eseye anpeche l
Rale kò w pou w pase

Ayiti ka geri pwofondman pa kite l mouri
Si nou bon timoun
Ann soulaje Manman
Menmsi nou pa gen lajan
Nou toujou gen bon kalite
Ansanm nou men nan men
Pa kite peyi nou fennen

Kite peyi a vanse
Wow! Ak tou sa ou vle
Tout mechan yo ap eseye anpeche l
Rale kò w pou w pase

Nou kapab
Nou se Ayisyen
Nou kapab
Ki pou mete men nan men
Nou kapab
Nou mete lakòl
Nou kapab
Pou peyi devlope yo
Nou kapab
Nou ka kanpe
Nou kapab
Kraze move lide
Nou kapab
Pote limyè espwa
Nou kapab
Pou soti nan fènwa a

Facebook Comments

Visits: 32


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives