LYRIC

M’ta pito genyen w pase gwo lajan
Plis ke gwo dyaman
M’ta pito genyen w pase gon bèl kay
Plis ke pi bèl vwati k’ekziste
Si ou pa ta la avèk mwen
Tout byen materyèl pa vle di m anyen
Se ou m’vle, ou m’vle cheri mwen (2x)
M’ta pito genyen w, plis ke tout zanmi
E menm plis ke tout fanmi
M’ta pito genyen w plis ke lavi
Si w pa la mwen te mèt mouri
Si ou pa ta la avèk mwen
Tout byen materyèl pa vle di m anyen
Se ou m’vle, ou m’vle cheri mwen (4x)
[Guitar solo]
Sha la la, la la ya la
Si ou pa ta la avèk mwen
Tout byen materyèl pa vle di anyen
Se ou m’vle, ou m’vle cheri mwen (rpt till end)
Pa bezwen anyen ankò
Lanmou ou sèlman mbezwen
Pa bezwen lajan, pa bezwen dyaman ni lò
Ou se trezò mwen, se tout sa mwen vle
Lè m malad cheri, se ou k pran swen mwen
Ou banmwen sa m bezwen, sa m bezwen
Ou toujou la pou mwen, ou pa janm kite m

Facebook Comments

Visits: 35


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives