LYRIC

[Verse 1]
Mezanmi…
N’ap é lanse yon SOS
Ak tout moun ki gen konesans mistik
pou yo travay plis pou le bien
Le mond ap fini
si nou pa chanje de konsepsyon
Nap plede chita fe mechante
Detounen bon sevo
peyi nou pap mache

[Verse 2]
kounye’a menm latè Pa vle pwodwi
Ou genyen dis pyas ou pa sa manje
yon regimen bannan ap van 25 gourd
tout bagay sa yo se konsekans malveyans

[chorus]
Pou gadé yon pozisyon
(Se Sipèstisyon)
Pou konsève on pozisyon
(Se Sipèstisyon)
Ou devizye yon fwaye
(Se Sipèstisyon)
Ou gate yon bon mariaj
(Se Sipèstisyon)
Ou detounnen yon sevo
(Se Sipèstisyon)
Menm pou jwe yon match futbol
(Se Sipèstisyon)
Yo fe ou di non san ou pa konnen
(Ak Sipèstisyon)
Ou di oui san ou pa vle
(Ak Sipèstisyon)

[2x]
L’eternel si ou pa mete bouch nan sa
Pitit ou yo ap fin peri
Nap priye’w fe lespri saint desan sou nou
pou nou chanje konsepsyon

[chorus]
Pou gadé yon pozisyon
(Se Sipèstisyon)
Pou konsève on pozisyon
(Se Sipèstisyon)
Ou devizye yon fwaye
(Se Sipèstisyon)
Ou gate yon bon mariaj
(Se Sipèstisyon)
Pou trouve yon boul bollet
(Se Sipèstisyon)
Menm pou jwe yon match futbol
(Se Sipèstisyon)
Yo fe ou di non san ou pa konnen
(Ak Sipèstisyon)
Ou di oui san ou pa vle
(Ak Sipèstisyon)

[2x]
L’eternel si ou pa mete bouch nan sa
Pitit ou yo ap fin peri
Nap priye’w fe lespri saint desan sou nou
pou nou chanje konsepsyon

[2x]
Tout moun ki gen konesans mistik
Nap bay la men pou n travay pou le bien
Tout moun ki gen konesans mistik
Nap pran konvik pou n konba enjistis

Facebook Comments

Visits: 62


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives