LYRIC

Genre: Konpa
Album: Virus
Year: 2015
Featuring: Carlo Vieux
Produced by: Carlo Vieux
Lyrics by: Carlo Vieux
[Intro]
Syèl la ap tonbe (2x)
[Verse 1]
Nou nan kay la, figi nou sanble 2 etranje
Afeksyon pa janm tonbe
Se tèt mwen sèl pou m blame si li kite m
Sa pap dire si nou pa vle lite (pa vle lite)
Pou mwen fè lanmou n briye pou m pa viktim enfidelite m
[Hook]
Syèl la ap tonbe (2x)
Mwen di si m pa bay lanmou, kijan pou m fè jwenn lanmou
Syèl la ap tonbe
Syèl la ap tonbe (2x)
Mwen di si m pa bay lanmou, kijan pou m fè jwenn lanmou
Ay, Carlo Vieux
[Verse 2]
Mennen l soti pou kraze monotoni
Ti dine a de vye frè ka fè l santi ke li pa nan lanfè
Si w neglije l, lòt nèg ap wè sa
Fò w li anba mil etwal pou lanmou pa dezame w
[Hook]
Syèl la ap tonbe (2x)
Mwen di si m pa bay lanmou, kijan pou m fè jwenn lanmou
Syèl la ap tonbe
Syèl la ap tonbe (2x)
Si w vle l, si w vle l rete, fò w chanje jan w ye
[Horns]
Yeah Karizma… NYC baby
CaRiMi baby
[Keyboard solo]
Oh oh
[Chorus]
Jere fanm ou, jere lanmou w
Wo…fò m ba l afeksyon, ba li bon lòv
Jere fanm ou, jere lanmou w
Ou ka fou, gade monchè pran wòl ou
Jere fanm ou, jere lanmou w
Si mwen vle l, se mwen sèl li wè
Jere fanm ou, jere lanmou w
Ou sèl ka chanje desten w
[Verse 3]
Sa w pral fè lè w leve yon bon maten ou pa wè li kouche bò kote w
M ap sezi, m pat konn jan li t ap soufri
Si w te konnen, ou te ba li tout nanm ou lè li te avè w
Ou chire, ou chire
M sanlè pèdi fanm lan vre
[Chorus]
Jere fanm ou, jere lanmou w
Wo…fò m ba l afeksyon, ba li bon lòv
Jere fanm ou, jere lanmou w
[Keyboard solo]
Oh oh
Carlo Vieux, siyal ou klè
Oh oh
Ki ki ki, kite l mache
Ayyyy
You got to love her
Gen sa k panse m kanpe dèyè wi
Men se devan l ye
You got to love her
[Verse 3]
[Guitar solo]
Wouch
M anlè a wi
Pa konplike lavi w
Pa janm konplike lavi w
Kite lanmou beni w
Jere
Yo di Karizma ak CaRiMi pa jwe konpa
Sa sa a ye? Reggaeton
[Outro]
Jere fanm ou, jere lanmou w
Wo…fò m ba l afeksyon, ba li bon lòv
Jere fanm ou, jere lanmou w
Ou sèl ka chanje desten w
Jere fanm ou, jere lanmou w
Yeah…Karizma
Jere fanm ou, jere lanmou w
NYC baby, CaRiMi baby

Facebook Comments

Visits: 31


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives