LYRIC

Gade Ti Jocelyne ki vle pase pou bon jodi a
Gade Ti Jocelyne ki konprann li kapab twonpe moun
Alon bèl istwa, ala de koze
Alon bèl istwa, ala de koze

Ti Jocelyne chita l ape pran plezi
Sou madanm Le bonheur k ap fè pwòpte lakay li
Li pa wè si kay li chaje ak debri

Tout rad Jocelyne mete toujou mal taye
(Ah.. kanta pou sa, se vre)
Men tiye l, rache l se li ki pi elegant
Jojo pran pòz li konvèti epi kay li genyen badi
(ahhhh)
Alon bèl istwa, ala de koze (2x)

Chak semèn ti Jocelyne nan diskisyon ak moun li pa vle peye
Kan yon lòt gen on priz de goch, se pou l mache jete diskredi
(Vermin)

Ou chaje ak pwoblèm, al pwòpte lakay ou
Ou chaje ak pwoblèm

Sa pa gen de zan ou batay ak sè w, lasosyete kondane w
Yè ankò ou pete on trouble, ou mete kouzen w deyò lakay ou
Tripòt…

(Tripot)

Ou chaje ak pwoblèm, al pwòpte lakay ou
Ou chaje ak pwoblèm

Ou pèdi konpa w – Jojo
Ou san repondong – Jojo
Al remize w – Jojo
Bay moun repo – Jojo

Facebook Comments

Visits: 93

Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives