LYRIC

Genre: Konpa
Album: Virus
Year: 2015
Karizma…
[Verse 1]
Pa janm damou alafoli pou m pa soufri
Lanmou — sa te interdit
Renmen jodi, kite demen se defo mwen
M ap on player jiskaske m mouri
Nan je m tout fi se ex, mo m pi renmen se next
Jou w met pye w nan vi m, tout bagay vin chanje
[Chorus]
Pou ou m aprann bliye, pou ou m aprann padone
Se Bondye ki voye w sou wout mwen pou gide m
Ou toujou la pou mwen, malgre ase souvan m blese w
Ou se avoka m, ou se jij mwen, ou defann mwen, ou puni mwen
Menm lè w torture mwen, se pou prouve jan w fou pou mwen
Ou pap kite mwen
[Keyboard solo]
Tough love
[Verse 2]
O wi mwen fè w soufri tout jan
Se kòmsi lanmou se pwazon
Mwen pa konnen kijan ou fè jere m tandreman
Men yon fason w gade mwen, fason w pale avèk mwen
Fè m santi m egzajere pou
Wi m gen anpil bagay pou m chanje
[Chorus]
Depi w rete avè m
[Keyboard solo]
Tough love, tough love (3x)
Oh oh
Karizma NYC
Kontra a siyen pou lavi
Tough love baby baby
[Hook]
Tough love, tough love
Si w pat renmen m, ou patap jere m konsa
Patap pwoteje m konsa
[Verse 3]
O wi mwen aksepte dèfwa m aji san panse
E menm neglije w, wi se vre
Lanmou w pou mwen pap janm chanje
Se nan ou ke chimen m bout
Kwè mwen si w vle, m pap fè lòt wout
Mwen pito torture depi ou pa kite m
[Hook]
[Keyboard solo]
La vie d’un homme n’est rien

Facebook Comments

Visits: 32


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives