LYRIC

M prale fon w komisyon Ayiti
M ap retounen nan yon mwa cheri
Yon ti pasyans m ap mande w tanpri
M pa kwè ki fè n kwaze cherie se destine
Santiman m deja pataje ou konn kote m prale
Se renmen kè nou renmen cherie
Lanmou pap janm fini

Je m nan je w mwen santi mwen prale
Kè m sote tansyon m ap monte
Mwen kwè ke se ou Bondye voye
Bèl souri tou bote tete byen kanpe
M sonje bèl koze nou te pale sou ki bit nou kanpe
Lanmou se la verite cherie ann pran chimen lavi

Nou de santimantal ki tout afè nòmal
Viv pou mwen m ap viv pou ou n ap fè pi bèl lanmou

Se verite, n ap prale pi lwen
Mwen di w doudou mwen renmen w jiskaske mwen vle fou
Yon ti pasyans m ap mande w tanpri pa kondane m
[2x]

Dodo titit
Se pa ti dous
Ay

Se verite, n ap prale pi lwen
Mwen di w doudou mwen renmen w jiskaske mwen vle fou
Yon ti pasyans m ap mande w tanpri pa kondane m
[2x]

[Outro]
Tanpri doudou, tanpri cheri (repeat)

Facebook Comments

Visits: 61


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives