LYRIC

Posede w
Se sa ki tout pasyon m
Desine vi w
Pou mwen s’on bèl aksyon
Di mwen de mo
De mo k’ ka fè plézi
Ka fè m souri
Souri pou tout lavi
Si wap fete
Konnen kè mwen kontan
Wè w nan lapenn
Ka fè m tonbe kriye
Rete pi prè w
Pou mwen se sak pi inpotan
Ban mwen kle kè w
Kap fè m viv pi lontan
Di mwen ki kote ou ye
Ki rout ou pase
Ou te di m al rèt tann ou
Nan rue de l’amitié
Avenue de la passion
M’tal tann ou
Di mwen ki kote ou ye
Ki rout ou pase
Ou te di m al rèt tann ou
Nan rue de l’amitié
Di m si lanmou w fleri
Ou si l depafini
Chak jou m tande yap di
Ke nou pa gen lavi
Pouki wap fè tèt du
Pouki w melankolik
Kite se moun kap di
Kijan wape soufri
M’prè pou m sakrifié vi m
Jis pou m ka wè w souri
De ti mo w ka ekri
Ka fè m leve pati
Ale ninpòt peyi
Al cheche paradi
Pou yon lanmou san limit
San mezi
Ohhhhh
Di mwen ki kote ou ye
Ki rout ou pase
Ou te di m al rèt tann ou
Nan rue de l’amitié
Avenue de la passion
M’tal tann ou
Di mwen ki kote ou ye
Ki rout ou pase
Ou te di m al rèt tann ou
Nan rue de l’amitié
S’on foli
Santi tèt mwen finn pati
S’on foli
M si frajil
Di mwen ki kote ou ye ?
Di mwen ki rout pase ?
Avenue de la passion
Rue de l’amitié
Se la nou te bay yon ti randévou
Di mwen ki kote ou ye ?
Di mwen ki rout ou pase ?
Di mwen ki kote ou ye ?

Facebook Comments

Visits: 18


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives