LYRIC

Depi’l antre yon koté
Tout moun tranble
Kelkeswa koté li pase
Gason pa kanpe
Ou te met konn fè karate
Ou te met santi ponyet ou lou
Depi Bad Boy
La rivé
Mouri poul ou

Kelkeswa kote’l pwale
“Piece” li sou li
Men sa pa vle di ke lap rale’l
Pou dan ri
Li gen tout machin tout koulè
Mercedes, Lexus, Accura, Landcruiser
Kanta bèl fanm byen kampe
Se sa’l pa manke

Ou pa bezwen kalé kow mal pran move poz pou montre ou se yon
Gro zepolet pa vle di brav
Gro ponyet pa vle di gason kanson
Men patnè le ou pati kool
Sa pa mean ou se yon fool
Men si ou pa vle follow the rule
Ou gen pou ou kouri pase
Yon manman poul.

Mete lod nan dezod, Bad Boy
Kite tout vye metod, Bad Boy
Kreye yon nouvel mod, Bad Boy
An nou tout mete lod, Bad Boy.

Si ou vlé mennen vi ou san tet chaje
Si ou pa vlé pase pou yon gro soulye
Pa vinn kraze pa vinn brize
Pou bad boy la pa move
Pou bad boy la pa vexe
Pou bad boy la ka danse
Pou bad boy la ka fete.

Facebook Comments

Visits: 36


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives