LYRIC

Pou tout mize’n pase
Pa panse ke m’ap ka bliye,
Men-m si ou wouem’ vwayaje
Se la vi m’ap chache,
Nwuit kon jou m’ap priye
Pou kenbe fidelite,
Se pou le’n rankontre
Pou pa gen dlo nan je.

Ou konnen ke m’ap toujou la.
An verite li pap fe yon pa,
Men-m si ou pa la— kem’m la li la la.

Lwen nan je pre nan ke!
Se pawol ki pot bone
Pou de moun k’ap viv lwen
Ki bon sa’k rele renmen.
Ranpli ke ou ak pasyans,
Wa va bliye tout distans.
Le sa-a, nou pa gen dout,
Lanmou fe tan pi kout.

Tout bagay rete
De meme, de meme, de meme,
Men-m ti lanmou-an
De meme, de meme, de meme
Men-m afeksyon an
De meme, de meme, de meme
Men-m choubouloute la-a-a yeah!

Men-m si nou separe
San ou m’pap eksiste.
Pa di’m ou vle bliye
Se ou’k fe’m respire!
Ou pa bezwen prese
Yon jou na va kontre,
Wa va realize
Anyen pa chanje.

Facebook Comments

Visits: 37


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives