LYRIC

[Verse 1]
Gen de moun ki kwè yo entelijan
Yo vle tout sa kap fèt se nan avantaj yo
Lè ou fèmen je w ou kite yo pase sou ou
Yo panse yo ganyan panse w pa wè kou a
Menm si m pa pale, menm si m pa gade w
M pa vle w panse ke mwen s on egare
Menm si m pa pale, menm si m pa gade w
M pa vle w panse ke ou pase sou mwen
Pa konprann ou pase – sou mwen
Pa panse ou pase – sou mwen
Pandan w panse w pase sou mwen
M kwaze de bra m ape gade w
[Keyboard]
[Choir]
Mwen kwaze de bra m ape gade w (2x)
Al kwè sa non
Mwen kwaze de bra m ape gade w (2x)
Epi Nu-Look jwe
Oh oh ou nan cho (3x)
Oh oh
Lamitye mwen wè kou a frè m – monchè mwen wè kou a
Pa panse m son bègwè – monchè mwen wè kou a
Ou twò piti pou ou blofe mwen – monchè mwen wè kou a
Repanse kou a – monchè mwen wè kou a
Rodney Noel – Mwen kwaze de bra m ape gade w
Jean Michel de bra n kwaze n ap gade yo
Mwen kwaze de bra m ape gade w
Mwen kwaze de bra m ape gade w
Lamitye mwen wè kou a frè m – monchè mwen wè kou a
Pa panse m son bègwè – monchè mwen wè kou a
Ou twò piti pou ou blofe mwen – monchè mwen wè kou a
Al repanse kou a – monchè mwen wè kou a
Jean Marie Simon di yo n wè yo tande
Mwen di w non m pa vle pou m pran m pou on bègwè
Blofè – Mwen pa bègwè
Guy Wewe
Mwen pa bègwè
M ka fè tankou m pap gade w men m wè w
Menm si Tano pa gade w – konnen l wè kou a
Menm si Kari pa gade w – konnen l wè kou a
Menm si w wè Chico pa gade w – konnen l wè kou a
Menm si w wè Ansy pa gade w – konnen l wè kou a
Mwen di w non m pa vle pou m pran m pou on bègwè
Menm si Moza pa gade w – konnen l wè kou a
Menm si Jacques letant pa gade w – konnen l wè kou a
Menm si Chemali pa gade w – konnen l wè kou a
Menm si Ricardo pa gade w – konnen l wè kou a
M pa vle pou m pran m pou on bègwè
Fanatik Nu-Look (2x)
A dwat, a goch
Mitan dèyè
Ede m chante
Mwen wè mwen wè kou a
Phillip St-Louis – Mwen wè mwen wè kou a
Nou wè yo – Mwen wè mwen wè kou a
Mesye pale yo
Pa gen, pa genyen wout pa bwa
Elmayo zanmi m pa gen sa pyès
Pa gen, pa genyen wout pa bwa
Diwayens zanmi m pa gen sa pyès
Pa gen, pa genyen wout pa bwa
Masani zanmi m pa gen sa pyès
Pa gen, pa genyen wout pa bwa
Mwen wè mwen wè kou a
Konpa Events pale yo
Mwen wè mwen wè kou a
KM eksplike yo
Mwen wè mwen wè kou a
Menm si w we Fredo Rene fèmen je l, pa okipe l
Mwen wè mwen wè kou a
Haitian beats
Pa gen, pa genyen wout pa bwa
Zakalo zanmi m pa gen sa pyès
Pa gen, pa genyen wout pa bwa
Dr Anes zanmi m pa gen sa pyès
Pa gen, pa genyen wout pa bwa
Promokonpa zanmi m pa gen sa pyès
Pa gen, pa genyen wout pa bwa
Epi kite l mache

Facebook Comments

Visits: 93


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives