LYRIC

[Intro]
Pa anmède m (4x)
[Verse 1]
Pa vin kesyone m
Ni akize m vòlè menaj ou
Si w te gen konsyans
Ou ta va wè s on vid l ap konble
Tout tan w kontante w ape di ke se pou ou li ye
Jodi an l revòlte l, di l pa egare
Ou paka vin ban m chay pote
[Chorus]
Ou mèt fache (fache)
Babye (babye)
Move (move)
Se djòb pa w (se djòb pa w)
You can be mad (be mad)
Angry (angry)
Upset (upset)
All you want (all you want)
[Verse 2]
Ou met nan tèt ou
E w di l ke se yon favè w ap fè l
Toutan w ap repete
Ke w pa ase pour les demandeurs
Se byen regretab, se kounya w reyalize valè l
Pou sa l eksplike m
Menm si kò li a, men lespri l deja kite
[Chorus]
Ou mèt fache (fache)
Babye (babye)
Move (move)
Se djòb pa w (se djòb pa w)
You can be mad (be mad)
Angry (angry)
Upset (upset)
All you want (all you want)
[Bridge]
Si w konnen w renmen l
Fòk ou pa pase on jounen
Pou di l kijan w apresye
Le fait ke ou genyen l nan vi ou
Tankou on flèdizè fò w awoze l pou li grandi
Si w pata renmen yon jou
Pou w ap enkrimine lòt moun
Detay…
[Keyboard]
[Hook]
Pa vin telefone m
Pa anmède m
Pou w ap poze m kesyon
Pa anmède m
Se pa mwen ki lakoz
Pa anmède m
Ou te konn maltrete l
Pa anmède m
W ap mache tout kote
Pa anmède m
Di m kraze relasyon w
Pa anmède m
San w pa vle aksepte
Pa anmède m
Pwoblèm lan se ou l ye
Pa anmède m
Pa anmède m tande
[Chorus]
Oh oh oh oh oh oh
Pa vin ban mwen chay pote
Tò a se nan ou li ye
[Hook]
[Chorus]
Epi kite l mache pou moun yo ka danse
[Guitar]
Nu Look…ey ey
Hahahaha
Fanfan Berlin, pa anmède l
[Chorus]
Se pa lè pa bon pa la
Pou wè jan pa bon te bon (Zanmi mwen pouryen)
Menm si l pa mwen menm (Tande byen)
L ap yon lòt kanmèm
Se pa lè pa bon pa la
Pou wè jan pa bon te bon (Brother mwen pouryen)
Menm si l pa mwen menm (Tande byen)
L ap yon lòt kanmèm
[Lead]
Se pa lè l fache
Se pa lè l move
Se pa lè li di w li pa vle ankò
Pou tonbe kriye, ap met ajenou
Telefone moun pou w ape bay presyon
Se pa lè l fache
Se pa lè l move
Se pa lè li di w li pa vle ankò
Pou tonbe kriye, ap met ajenou
Telefone moun pou di se yo ki lakòz
[Chorus]
Se pa lè pa bon pa la
Pou wè jan pa bon te bon (Zanmi mwen pouryen)
Menm si l pa mwen menm (Tande byen)
L ap yon lòt kanmèm
Se pa lè pa bon pa la
Pou wè jan pa bon te bon (Brother mwen pouryen)
Menm si l pa mwen menm (Tande byen)
L ap yon lòt kanmèm

Facebook Comments

Visits: 113


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives