LYRIC

[Verse]
Depi m piti mwen tande y ap di
Que un homme averti en vaut deux
Men sa depann de ki kontèks e se pa nan tout sikonstans
Paske nan zafè moun renmen gen de bagay ou chèche konnen
Ki ka lakoz de twoub moral e ki ka fè de gwo domaj
[Hook]
M toujou tande hors de vue hors de l’esprit
Depi l pap tuye m m pa bezwen konnen
[Verse]
Ou konn nan tout trankilite w
Epi w leve yon jou foli pran w
Tonbe poze anpil kesyon ke repons yo pa twò plezan
Poukisa pou w mete tèt ou nan yon sitiyasyon parèy
Gen de bagay yo afime w ke w gendwa pa ka supòte
[Hook]
Ou veye lè m dòmi w pran telefòn mwen pou w ap tcheke
Wape texte tout moun fè kòmsi se mwen k ap pale
Nenpòt sa w dekouvri chèche on jan pou w kapab jere l
Ou pi mal pase yon ajan sekrè
Ou pa FBI men w bezwen veye m
Ou pa ajan sekrè ou vle kontwole m
Bagay sa pa ka fèt
[Keyboard]
[Choir]
Se pa tout sa k pase pou w ta chèche konnen
Gen de bagay ki fin rive si w pa t konnen ou t ap viv pi byen
Depi w ape chèche – pa vin di m anyen
Depi w ape fouye – pa vin di m anyen
Sèke ou ka jere – pa vin di m anyen
Degaje w pa menm pale – pa vin di m anyen
Gen sa w chèche konnen – pa vin di m anyen
Ki konn emmerdement – pa vin di m anyen
Yo konn plus deraje – pa vin di m anyen
Olye key o ka fikse
[Guitar]
FKD
Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm Facebook mete – gade pwoblèm
Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm IG ap bay – gade pwoblèm
Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm snap la mete – gade pwoblèm
Yo fè moun pa byen – gade pwoblèm Nu-Look mete
[Guitar]
Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm Facebook mete – gade pwoblèm
Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm IG ap bay – gade pwoblèm
Gade pwoblèm gade pwoblèm – gade pwoblèm
Gade pwoblèm snap la mete – gade pwoblèm
Yo fè moun pa byen – gade pwoblèm
Gen moun ki rive separe
Fòmul pa m nan se hors de vue hors de l’ésprit – pa bezwen konnen
Pa vle anyen vin ajoute stès nan lavi m – pa bezwen konnen
Pa bezwen konnen oh pa bezwen konnen – pa bezwen konnen
Di m pouki pou m poze w kesyon ki pral deranje – pa bezwen konnen
Dèfwa moun yo ekzajere menm pou yo fè w mal – pa bezwen konnen
Yo konn di w des bagay ki pou blese w – pa bezwen konnen
Yo konn di w des bagay pou fè w kriye – pa bezwen konnen

Facebook Comments

Visits: 31


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives