LYRIC

(Verse)
Mwen menm ki fin travay m rantre m tou fatige
Mwen fin dezabiye m m benyen pou m al manje
Li g on nouvèl pou l ban mwen,
ki pral tranble tout nanm mwen
M di l cheri mwen sous a
Li di m kè l ap rache si l pa di m sa kounya
Lè mwen mande l pou kisa li di m

(Chorus)
Cheri m pa ka fè pitit
Mwen konnen s on ka kritik
Lanmou mande sakrifis
Men si w prale m pap fè selfish
Sa fè lontan nou marye,
san bebe fwaye n manke
Kòm pouvwa lòm nan limite
n ap lage sa nan men Bondye

(Verse)
Li tou dekontwole mind mwen,
gad on move news li ban mwen
Li fè m fret li fè m cho
Mwen mande l èske li serye
paske m m panse jwe l ap jwe
Li gade m epi l kriye

(Chorus)
Cheri m pa ka fè pitit
Mwen konnen s on ka kritik
Lanmou mande sakrifis
Men si w prale m pap fè selfish
Sa fè lontan nou marye,
san bebe fwaye n manke
Kòm pouvwa lòm nan limite
n ap lage sa nan men Bondye
(Instrumental)
Yeah
Pachou
Oh oh oh
Si w paka manman m pap kite w pou sa
Si w paka manman m pap jije w pou sa
Si w paka manman n ap priye sou sa
Si w paka manman m deja pap papa
Baby listen, mete fanm sou ou,
tande sa m pral di w
Fè vi w nan kay la san w pa
mande mommy pa fasil
Lè fèt dè mè lakay vwazin
nan g on repetisyon
Bòn fèt manman, men m pa vle w
panse l gen plis benediksyon – pase w
Yo pap konprann yo pa nan pozysyon w
Fò n chèche fòmil pwoblèm yo avan solisyon
M te pran w pou lavi e m pa wè sak pral fè m ale a
Maladi pap fè m bliye sèman
m te fè jou m te marye a
M te di yes nan vye moman M te di yes
Lè sa pa bon M te di yes
Nan kè kontan M te di yes
Nan legliz lan M te di yes
Lè m t ap bò w bag la M te di yes
Just ka lamò M te di yes
M ap kenbe yes mwen
(Instrumental)
Gabel
Yeah man
M ap kenbe yes mwen
-…..-
Si w paka manman m pap kite w pou sa
– non mwen pap lage w
Si w paka manman m pap jije w pou sa –
nan de pye w map rete, se vre ou pa ka banm baby
Si w paka manman n ap priye sou sa –
men lòt yo pa fanm pase w, nou ka adopte
Si w paka manman m deja pap papa –
Ansanm n ap traverse, lanmè wouj difikilte
(Verse)
Cheri m konnen ke nou pral
dechire lè fèt manman lè fèt papa rive
Si se pat ou li te ka mwen,
e m konnen ou tap still kenbe men m
Sa fè lontan m ap di w sa kounya,
kite m montre w jan m renmen w
(Instrumental)
Bon Dole
Se Katalog ki bay love
(Chorus)
Cheri m pa ka fè pitit
Mwen konnen s on ka kritik
Lanmou mande sakrifis
Men si w prale m pap fè selfish
Sa fè lontan nou marye,
san bebe fwaye n manke
Kòm pouvwa lòm nan limite
n ap lage sa nan men Bondye

Facebook Comments

Visits: 58


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives