LYRIC

Yèreswa
Sanm pa konn pouki m konsa
Map jwe gita
Mwen rejwenn mizik sa
Ke nou te kon danse

Sim te diw
Tou sa melodi si la
Pote nan kèm
A chak fwa mwen tande l
Mwen fèmen je m chante l

Nou te jèn
La vi te bèl
Nou te kwe
Nan tonton nwèl
Kounyean npa fè pwomès
Kounyean nou kalkile
Gen tèlman nan nou k ale

Pa tounen
La vi chanje n
Frontyè la vi separe n
Gen tèlman nan nou k ale
Chimen nou pa sa kontre
Mizik la sèlman rete

Je m nan je w
Nou gen bagay
Pou n sonje
Si ou vle
Nou ka rekòmanse
Fò n pa wont sak pase

Yèreswa
Msanti san m
Vire pou sa
Ou te la
Mwen fèmen je m chante l
Fwa sa a nou pa danse l

Facebook Comments

Visits: 30


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives