LYRIC

Li minwi lannuit yon dous krikèt ap chante
Yon ti van leve bote tout fèy ale lwen byen lwen
Fè m sonje premye fwa nou kontre
Fè m sonje premye fwa nou kwoke
Kouri men nan men jouk nou pèdi souf
Van bwote pafen w ale

Jou pase mache prese ni lekòl fini
Mwen tande bouch ou sou bouch mwen
K ap di m pa rele w cheri
Ou te di m pa chita tann ou
Ou te di m ti chimen mennen lwen
Ou te di m konsa wa di m poukisa ou
Te di m konsa wa di m poukisa
Ou te di m kisa ou te di m

Mwen sonje premye fwa nou kontre
Ou te di m ti chimen mennen lwen
Mwen konnen w pa vle lanmou mare pye w
Men pa bliye m te pale w
Si yon nou lavi mennen w tounen
Pa chache esplikasyon ban mwen
Ou te di m nou youn te fèt fèt youn pou lòt

Ou te di m pa chita tann ou
Ou te di m ti chimen mennen lwen
Ou te di m konsa wa di m poukisa ou
Ou te di m kisa w te di m
Mwen sonje premye fwa nou kontre
Ou te di m ti chimen mennen lwen
Mwen konnen w pa vle lanmou mare pye w
Men pa bliye m te pale w
Si yon nou lavi mennen w tounen
Pa chache esplikasyon ban mwen
Ou te di m nou youn te fèt fèt youn pou lòt

Facebook Comments

Visits: 94


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives