LYRIC

Lendi m leve
Mpa wè solèy
Radyo tap gaye nouvèl
Kote k ga gen lanèj
Kote k ga gen lagè
Nouvèl se move nouvèl
Ke se peyi blan
Ke se peyi nèg
Traka bò la se pi rèd
Mwen kraze on kafe
Gazolin monte
Mrele anmwey

S’on jou glo la sous ta vi n sale
Lè sa a mta ka kwè nou tout chanje
Men la ronn latè pap janm varye
Bèl pawòl lontan yo vante
Vante vante vante

Jwèt mab la gaye
Tounen pye tè
Ki sa na pe jwe
Grizon se boul pik
Tounen pye tè
Ki sa pou mwen jwe

Verite pa vre
E nou pa konprann
Tèlman gen pou n aprann
Zam kou relijyon
Gad televizyon
Yo tout bon pou fè lajan
Se wete mete
Se moute desann
Pou jouk mèkredi dè sann

E jou yo twò kout
La vi ak twò long
Sa ki konnen

Mwen tankou w foumi fou
Nan’w nich flanman
Map chache’on zanmi
M jwenn aganman
Nou tout vle koupe
Yon tranch bonè
Men ganlè pa gen ase
Ase ase ase

Jwèt mab la gaye
Tounen pyete
Ki sa na pe jwe
Grizon se boul pik
Tounen pyete
Ki sa pou mwen jwe

Jwèt mab la gaye
Tounen pyete
Ki sa na pe jwe
Grizon se boul pik
Tounen pyete
Ki sa pou mwen jwe

Lendi m kouche
Ak on tèt fè mal
Rezon multinasyonal
Gen nèg eklere
K pral voye n monte
Pou gran mesi kraponnay
Men tanpri souple
Bann ou dènye chans
Pou timoun wè lakansyèl
Bann ou lòt dimanch
Anvan n pete fyèl limanite

Nou tout responsab yon destine
Nou tout se grenn sab ravi’n brote
Men nan woule woule ou pa konn sa w teke
Ann gad ki kote nou vle rive
Nou vle rive

Jwèt mab la gaye
Tounen pyete
Ki sa na pe jwe
Grizon se boul pik
Tounen pyete
Ki sa pou mwen jwe

Facebook Comments

Visits: 32


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives