LYRIC

Nou tout ansanm
N ape chante lajwa
Kè nou kontan,
se lagete Men fok nou pa bliye
Nou pa gen sa sèlman
Pou n fè nan lavi sa a
Solèy la leve
Pou li kab kouche.
Jodi a ap bay
Demen plas li

Demen ap tann
Apre demen
Se lavi k ape mache
E nou tout dwe konnen
Nou gen yon desten
Nou fèt pou n òganize
Nou tout ansanm
N ap mache men nan men
Fök nou konnen
Nou se yon pye bwa

Ki koumanse donnen
Se sa k fè, fò n reyisi
Fò n goumen ak lavi
Mare ren nou sere
Yon jou nou va rive
Solèy la leve
Pou li kab kouche
Demen plas li
Jodi a ap bay
Demen ap tann
Apre demen
Se lavi k ape mache
E nou tout dwe konnen
Gen yon desten
Nou dwe fè yon jan pou n òganize
ZIN zik Band

Facebook Comments

Visits: 57


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives