LYRIC

Nan lavi sa a mezanmi
Fòn pa janm dekouraje
Si Jodi a sa pa mache
Demen sa kab chanje
Lavi a kab souri nou
Li kab vini pi bèl, oh
Vin pi bèl oh, woo oh

Men m konnen anyen pap chanje
Si n ap ret gade
N pap kapab rete chita
Tann lamàndisyel tonbe, woy
Mwen di pi bone
Mezanmi Se toujou granm maten
Mache chache Pa dómi san soupe
Si nou seme
Yon jou n va rekòlte
Seme n va rekòlte
ZIN Muzik Bankey leve pye w

Ti mal, ou menm ki nan pwoblèm
Pa rete chita gade sou moun, oh
Hey souke kò w
Hey leve pye w
Ou va chache travay
Travay, ou va reyalize
Hey souke ko w
Hey leve pye w
Si Jodi a sa pa mache

Demen sa kab byen chanje
Hey souke kò w Hey leve pye w
Pa dekouraje, kenbe pa lage
Hey souke kò w Hey leve pye w
Travay pou w reyalize
Seme pou w kab rekòlte Se sa
Kontinye pèsevere
Yon jou, ou va rive Ou va rive
Sa ou fè, se li ou wè
Si ou chache, ou va twouve
Zanmi toujou sonje
Pa janm dekouraje
Travay pou w reyalize
Seme pou w kab rekòlte
Kontinye pèsevere
Yon jou, ou va rive
Ou va rive
Sa ou fè, se li ou wè

Si ou chache, ou va twouve
Zanmi toujou sonje
Pa janm dekouraje
Ti mal, ou menm ki nan pwoblèm
Pa rete chita gade sou moun, oh Hey souke ko w
Ou va chache travay
Travay, ou va reyalize
Hey souke kò w Hey leve pye w

Si Jodi a sa pa mache
Demen sa kab byen chanje
Hey souke kò w Hey leve pye w
Pa dekouraje, kenbe a lage
Hey souke kò w
Hey leve pye w
Men, m konnen anyen pap chanje
Sin pa ret gade
N pap kapab rete chita
Tann lamàndisyèl tonbe, woy
Mwen di pi bone, mezanmi
Se toujou granm maten
Mache chache
Pa dòmi san soupe
Si nou seme Yon jou n va rekòlte
Seme n va rekòlte

Facebook Comments

Visits: 110


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives