LYRIC

VINI Alex Abellard
Vini pou nou pale We kote nou ye Kè mwen pa kab kenbe
Li prèt pou l rete
Di mwen tanpri Si lanmou n pati
De tan twa mouvman Ou mete m sou ban Ké mwen ape fann M ape chita tann
Di mwen tanpri Si lanmou n fini
Oh cheri, fini
Wo wo, depi kek jou Ou vle fè mwen fou M pa konn sa mwen fè ou Wo, fòk ou sonje Moman sa nou pase Tanpri cheri, fò w pa bliye sa
Souri ou se solèy Nan tan lapli Kė m ak tout anndan m Jwen zèl li
Souri ou se solèy Nan tan lapli Kè m avèk tout anndan m Jwen zèl li
Konnen w renmen w cheri San ou m pa kab domi Konnen w renmen w cheri San ou m pa kab dòmi Lanmou nou pa janm piti Li pa kab ret konsa I fini
Cheri ou la, se ou k pa m Se mwen k pa w An n eseye wè pou n kenbe la
Lanmou nou pa janm piti Li pa kab ret konsa I fini

Wooo, cheri an mwen, tanpri doudou Lanmou nou pa janm piti Li pa kab ret konsa I fini
Ay ay doudou, oy oy cheri mwen Ay ay doudou, oy oy cheri mwen Ay ay doudou
Doudou an mwen Oy oy cheri mwen Ban mwen lanmen San ou, konnen Mwen pa anyen
Ay ay doudou, oy oy cheri mwen Lé ou pa la, cheri an mwen Kė mwen fennen, doudou an mwen
Ay ay doudou, oy oy cheri mwen cheri tanpri, woooo
Ay ay doudou, oy oy cheri mwen Lè w pa la, nanm mwen pèdi Doudou cheri Lanmou n pa kab fini
Lanmou nou pa janm piti Fini la konsa Li pa kab ret konsa I fini Lanmou nou pa janm piti Li pa kab ret konsa I fini
Depi kek jou
Ou vle fè mwen fou M pa konn ki sa m fè ou Wo, fòk ou sonje Moman sa nou pase Tanpri cheri, fo w pa bliye sa
Vini pou nou pale We kote nou ye Kè mwen pa kab kenbe. Li prêt pou l rete
Di mwen tanpri Si lanmou n pati
Oh cheri, Viniiii

Facebook Comments

Visits: 38


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives