LYRIC

[Verse 1]

Ban m on minit pou m rakonte w sa ki andan kè mwen
Mwen g’on sekrè pou m devwale, m’espere w’ap koute m
Sa f’on minit m’ap admire w, figi w si bo tablo
Poko souri mwen pa fini, m’espere w’ap koute
Nan yon minit fè m bliye soufrans mwen janm pase
Tanpri souple poko jije m, m’espere w’ap koute
Tout sa m mande w se yon minit
Jis pou m ka konnen kijan m’ta ye si m ta genyen w
M’espere w’ap koute

[Keyboard sax solo]

[Verse 2]

Sof yon minit m’ape mande w, èske w’ap aksepte
Avè w cheri mwen vle fè vi m, mwen swete w’ap koute
Aprè on minit mwen fin eksplike w sa k te sou kè an mwen
Mwen mete m ajenou nan pye w pou m di w

[Hook]

Ou fè m gaga – oh oh oh
Ou fè m egare – oh oh oh
[Keyboard solo]
Konpa…
Oh oh, oh oh, oh oh

[Hook]

[Guitar solo]

[Outro]

E si w vle akòde m yon minit, ma va montre w lanmou
Kenbe w nan bra mwen, poze sou kè mwen
An nou pa pèdi tan, pito n bay lanmou nou yon chans
Kenbe w nan bra mwen, poze sou kè mwen

Facebook Comments

Visits: 31


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives