LYRIC

[Verse]
Nan move moman se ou k toujou prezan
Ou pat janm abandone m
Toujou banm fòs ankouraje m
Ou konn tout feblès mwen
Se ou k pi bon zanmi m
Ou toujou kanpe pou mwen devan nenpòt enmi
Men lè m te fè w kriye, mwen te panse mwen t’ap pèdi w
Ou pat janm vire do w ale
Ou di m avè m ou vle fè vi w
[Verse]
Avè w m’reyalize tout rèv mwen pat panse ke mwen tap janm rive fè
An verite ou se bonè
Lavi mwen s’on mistè
San ou mwen santi tout doulè
Ou se bonè ki ranpli kè m
Ou se solèy ki klere chimen mwen
Klere chimen m, klere chimen m
Klere chimen mwen
[Keyboard solo]
Cheri n’ap marye kanmèm…pa kounya non
[Chorus]
Si m pa genyen w nan vi mwen, pa konn kijan m’ap kontinye
Se ou ki metrès kè mwen, manman fanm mwen, manman mizè mwen
[Verse]
Kijan m’pral di w ke mwen renmen w pou jan mwen fè w pase mizè
Ou pa janm abandone m, toujou kanpe bò kote mwen
Pou move pis m’konnen m’genyen ki ta dwe fè w ale byen lwen
Ou toujou kanpe kote m, men ou pa janm kite m ale
[Chorus]
[Guitar solo]
Manman, men papa
[Keyboard solo]
[Chorus]

Facebook Comments

Visits: 44


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives