LYRIC

Ou vle pou m fè menm route avè w.
San ke ou pa wè
Sitiyason’m pa menm ak pa w.
Nou diferan!

Mwen pa kapab ba ou manti.
Ou te met kwe
Depi mwen ave’l nou ansanm
Wi gen chanjman.

Apre konbyen relasyon
Mwen jwenn yon moun pam tout bon
Eske’w konn kijan sa bel
Lè deux moun rèt fidel!

Se souvan yon ti chape
Ki koze dife nan foyer
Non mwen pa anvi gen tòr
Pou mal viv ak remòr (avek remòr)

Nou ka toujou rete zanmi.
Sa pa yon mal.
Non non non non nooo!
Men si ou vle poun al pi lwen
Mwen pa ladan’n.

Apre konbyen relasyon
Mwen jwenn yon moun pam tout bon
Eske’w konn kijan sa bel
Lè deux moun rèt fidel!

Se souvan yon ti chape
Ki koze dife nan foyer
Non mwen pa anvi gen tòr
Pou mal viv ak remòr (avek remòr)

Ti Pouch!! C’est encore sa la touche! Oh!

Se premye fwa mwen jwen yon moun ki rekonstri m.
Mwen jwen yon moun ki chanje vi’m.
Ou paka rayi m pou sa.

Non mwen pap trompe w (mwen pap trompe w)
JE LE JURE! Non mwen pap trompe w!

Ou te met mache di
vye pawol pou fose’m
Sa pap chanje anyen.

Non non! Non nonnnnn!

Mwen pap trompe w! (Je le jure!)
JE LE JURE! Non mwen pap trompe w!

Non mwen pa anvi fè
Sa mwen pa ta renmen yo fè m.
Oh non non non non!

Se premye fwa mwen jwen yon moun ki rekonstri m.
Mwen jwen yon moun ki chanje vi’m.
Ou paka rayi m pou sa.

Non mwen pa trompe w (mwen pap trompe w)
JE LE JURE! Non mwen pap trompe w!

Ou te met mache di
vye pawol pou fose’m
Sa pap chanje anyen.

Non non! Non nonnnnn!

Mwen pap trompe w! (Je le jure!)
JE LE JURE! Non mwen pap trompe w!

Non mwen pa anvi fè
Sa mwen pa ta renmen yo fè m.
Oh non non non non!

Facebook Comments

Visits: 17


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives