LYRIC

Nou tout konnen lavi m pa fasil
Nout tout ka wè jan doulè m anpil
Mwen tande n’pa Mande sa mwen fè m’pa peye
Eske m’ap kap sipòte sèl sa m’ka di se

Lespwa fè viv
M’ap fè tout sa ki posib pou moral mwen ret djanm
Lespwa fè viv
Tout otan m’ap respire m’ap pèsiste

Mwen pap bliye sa papa m te konn di m
Nan lavi pwoblèm pap janm fini
Se feblès ou tout tan ki kite yo pran pye
E se kouraj ou sèlman kap ede w lite
Ah wi…

Lespwa fè viv
M’ap fè tout sa ki posib pou moral mwen ret djanm
Lespwa fè viv
Tout otan m’ap respire m’ap pèsiste

Mwen pap pèdi batay
Nou gen pou n banm rezon
Se la nou ye, nou gen pou n wè

Pa parèt pwent tèt ou, parèt tout kò w
Men konpa!

Mwen paka fè tout lavi m ap soufri
Sa pa fè sans pou m kondane
Mwen paka fè tout rès vi m ap plenyen
Mwen gen konfyans m’ap delivre

Lè pa m nan sou wout l’ap rive
Jou pa m nan, mwen la m’ap gade
Tan pa m nan, se li m’ap veye
Mwen garanti w lavi m pral bèl

Pa parèt pwent tèt ou, parèt tout kò w
Men konpa

Alo Garry Pierre-Paul Charles
Pwoblèm pap janm fini

Pwoblèm pa janm fini Depi pa gen lafwa

Ou gen pwoblèm sante
Ou gen pwoblèm finans
Pwoblèm santimantal
Se lafwa k pou sove w
Ou gen pwoblèm fwaye
Pwoblèm spirtyèl
Yon pwoblèm ki fatal
Se sèl lafwa ki pou sove w
Just believe

Ou wo, ou wo (rpt)

Pwoblèm pa janm fini Depi pa gen lafwa

Pap janm fini, depi w pa gen lafwa
Lafwa nan Bondye

Facebook Comments

Visits: 33


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives