LYRIC

menm Nemours Jean Baptiste k’ap pale avè nou.
Reveye nou!
Li lè, li tan pou n mete lòd nan dezòd!

Yon ti kabicha m’ap fè mwen reve
Mèt konpa a! Chèf konpa a!
Li vinn pale avè m, mine li mare!
Li plenyen, li plenyen!

Ak tout kè m mwen te pèdi tout tan m pou m kreye konpa.
Ah wi! Sa a s’on don!
Sa fè m mal lè mwen gade kijan nou mete l tèt anba.
Oh non! Sa pa bon!
Tanpri, tanpri li lè pou tout gagòt fini.
Fòk nou mete lòd!
Tout mizisyen, tout pwomotè
Si n pa mete lòd!
Nanm mwen pap janm an pè

Yon ti kabicha m’ap fè mwen reve
Mèt konpa a! Chèf konpa a!
Li vinn pale avè m, mine li mare!
Li plenyen, li plenyen!

Nan djaz peyi a m’gen espwa
Djaz peyi a! Oh ohhh!
Nan ou m’gen eswpa!
Retire m nan sa!
Retire m nan sa! Oh ohhh!
Louvri je w.
Leve! Leve! Leve! Leve! Leve!
Vinn mete lòd!

Lè chat pa la, rat pran kay!
Fanatik eske n pare?!
Wi! Nou deja pare! Ooooh!
Rale sentiwon yo! OK!
Mete l anlè! OK!
Timoun pa jwe nan bab granmoun!
Chaplèt! Chaplèt! Chaplèt!
Si w pa respekte prensip!
Chaplèt! Chaplèt nan dada timoun dezòdone!

A jenou! Wach!
Alo Ti Paul Demesmin! Yo di m bwason pa vann nan bal!
Voye achte yon boutèy pou mwen! Wayyyyyy!
Men sa n t’ap tann lan!

Woy woy woy! Men Djakout la reveye (Reveye)
Woy woy woy! Nou vinn met lòd nan dezòd (Apa w’ap kouri)
Pandan n’ap dòmi nou tande lari bloke
Sa k nan mitan lari a, banm lari a blanch

Lè yo tande nou deklanche! Woy! Kè sote!
Yo tande sou yo n’ap rive! Se pa ti sote!
Bri a kouri nou pran lari! Woy! Vant bouyi!
N’ap vini cho! Tou cho! Se pa ti bouyi!
W’ap boule wi!

Woy woy woy! Men Djakout la reveye! (Reveye)
Woy woy woy! Nou vinn met lòd nan dezòd (Uh huh)
Pandan n’ap dòmi nou tande lari bloke (Se li l ye)
Sa k nan mitan lari a, banm lari a blanch

Timoun dezòdone!

Wiiii! Regi mete lòd nan dezòd!

Ababadjanay! Grande Puissance lan!
Bon! Kounya di m kiyès ki pa renmen konpa!

Dominiken renmen konpa!
Jamaiken renmen konpa!
Pou kiyès glwa a?
Pou Ayisyen l’ye!
Martiniquais renmen konpa!
Guadeloupean renmen konpa!
Ale wè! Ale wè pou Ayisyen!

Ou ka renmen salsa! Ou pa ka renmen salsa pase konpa!
Ou ka renmen ragga! Ou pa ka renmen ragga pase konpa!
Gen moun ki marye nan danse konpa! Eya papa! Eya papa!
Moun bliye pwoblèm gras a konpa! Eya papa! Eya papa!
Ou gen san konpa nan venn ou! Pa ezite voye l monte!

Voye l monte! Ak deux men nou!
Voye l monte! Ak deux men nou!
Voye l monte! Ak deux men nou!
Voye l monte! Ak deux men nou!
Voye l monte!

Mete lòd nan dezòd! Piyay la fini!
Mete lòd nan dezòd! Gagòt la fini!
Mete lòd nan dezòd! Piyay la fini!
Mete lòd nan dezòd!

Konpa sa a s’on konpa WOY! Gason pa kanpe!
Ohhh! Woy! Gason pa kanpe!

Konpa se kinan w li ye! Pa ezite voye l monte!

Voye l monte! Ak deux men nou!
Voye l monte! Ak deux men nou!
Voye l monte! Ak deux men nou!
Voye l monte! Ak deux men nou!
Voye l monte!

Mete lòd nan dezòd! Piyay la fini!
Mete lòd nan dezòd! Gagòt la fini!
Mete lòd nan dezòd! Piyay la fini!
Mete lòd nan dezòd!

Konpa sa a s’on konpa WOY! Gason pa kanpe!
Ohhh! Woy! Gason pa kanpe!

Ou ka renmen salsa! Ou pa ka renmen salsa pase konpa!
Ou ka renmen ragga! Ou pa ka renmen ragga pase konpa!
Gen moun ki marye nan danse konpa! Eya papa! Eya papa!
Moun bliye pwoblèm gras a konpa! Eya papa! Eya papa!

Facebook Comments

Visits: 26


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives