LYRIC

Pou konbyen tan map kontinyé bat kò’m pou granmesi
Pou konbyen tan map kontinyé mande’w met tèt avè’m
Pou nou fe tout moun wont
Chasé tout prejijé yo
Ki vlé gaté projet’n
Moi j’en ai marre!
Oui j’en ai marre!

Pou konbyen tan m’ap kontinye yon vi selibatè
Pou konbyen tan m’ap peye pou tout sa m’pa responsab

Lavi mwen mizerab
Mwen ta vle ou konprann sa
Depi gen santiman
Renmen avè’m!
Renmen avè’m!

Papa’w deklare’m lagè
Manman’w desidé mwen pa menm ran sosyal avè’w
Dezobeyi yo yon fwa
Pou yo demen se pral pi bèl kado

Pou konbyen tan m’ap kontinye mennen yon vie de meuf
Pou konbyen tan relasyon nou ap rete ireyèl
Ou vle pou’m pran pasyans
Ou paka banm asirans
Kèlkeswa kondisyon
Nou pap echwe!
Nou pap echwe!

Papa’w deklare’m lagè
Manman’w desidé mwen pa menm ran sosyal avè’w
Dezobeyi yo yon fwa
Pou yo demen se pral pi bèl kado

Soulaje’m! Soulaje’m! Soulaje’m! Soulaje’m!
Sak’ap plenyen, plenyen, plenyen!
Mwen konn plenyen sa pap dire!

Soulaje’m! Soulaje’m! Soulaje’m! Soulaje’m!
Sak’ap goumen, goumen, goumen!

Libre d’aimer! Nous sommes libre d’aimer!
Nou gen asé matirite
Grace a Dieu!
Et nou gen laj pou’n desidé
Oui bebe!
Nou paka pran presyon!

Libre d’aimer! Nous sommes libre d’aimer!
Nou gen asé matirite
Grace a Dieu!
Et nou gen laj pou’n desidé
Ooooooooh Cherie soulaje!

Soulaje’m! Soulaje’m! Soulaje’m! Soulaje’m!
Sak’ap plenyen, plenyen, plenyen!
Mwen konn plenyen sa pap dire!

BANM YON CHANS POU’M PROUVE’M NAN KAY SA-A!

BABY YOU’LL BE SURPRISED!

Papi pral kontan konn kiyès mwen ye!
Manmi pral kontan konn sa m’ap chèche!
Zanmi pral kontan lè’n gon ti bebe!
Fanmi pral kontan se avèl poul jwe!
Nan lavi sa!
Nan lavi sa! Pa jete san w pa gade!
Non! Non! Ou pa plase pou w vin jije!
Nan lavi sa! Pa jete san w pa gade!
Non! Non! Ou pa plase pou w vin jije!
Papi pral kontan konn kiyès mwen ye!
Manmi pral kontan konn sa m’ap chèche!
Zanmi pral kontan lè’n gon ti bebe!
Fanmi pral kontan se avèl poul jwe!
Nan lavi sa!
Nan lavi sa! Pa jete san w pa gade!
Non! Non! Ou pa plase pou w vin jije!
Nan lavi sa! Pa jete san w pa gade!
Non! Non! Ou pa plase pou w vin jije!

Facebook Comments

Visits: 28


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives