LYRIC

Jwi lavi’w frè’m tout tan’w ka viv
Bouske lavi, dèfwa tou konn detwi lavi
Ou wè jou’w viv
Ou pa konn ki jou wap mouri
Jodia kout kon bout jupe
Fome’l dous dous tankou yon bout kann (2 fwa)

In the Bible says
Pa gen anyen kap rete tout bagay gen pou pase
Pouki ou tire tèt ou son lachte
Si lavi a te gon pri, malere’k pa tap achte
Check This
Lyrics mwen vin krache
M’ garanti’w, tande mwen, ou kapab di’m sa vre
Pa bò isit tout depote pè krim rache
M’konn mezi pye’m, m’konn reziye,
M’pap janm vin lache
A mon avis, si Chris te bay souf la avi
Les homme tap fè trop chelbè, djole ak visaj ravi
Men li met lanmò tre frekan ak lizaj radi
Sa koz sa’w fè konpare, se la’k lanfè ak paradi
Jwi lavi’w frè’m, sa faut que tu le saches
Ou mèt yon ouvriye, met sa devan yon machann pistach
M’pa kwè nan sa gen ran sosyal, ki dire klas
Men talè kontra’w bout
Misye lamò gen yon ti pass kout
DEJAVOO!…

Jwi lavi’w fre’m tout tan’w ka viv
Bouske lavi, defwa tou konn detwi lavi
Ou we jou’w viv
Ou pa konn ki jou wap mouri
Jodia kout kon bout jupe
Fome’l dous dous tankou yon bout kann (2 fwa)

Chak moun gen yon fason yo konsevwa lavi
Yo ka gen menm pòt antre, jamais yo pap janm gen menm pòt
sòti
Sinon pa tap gen sezon sechrès, ni sezon lapli
Ou pa tap konn kote’w prale, si’w pat konn kote’w sòti
Chak jou ta dwe fèt pou ou, anyen pat dwe frèt pou ou
Execption, deception, kout baton pat dwe fèt pou ou
Mwen gen 25 an, m pa konn si map wè 26 zan
Tout fwa m ta wè’l, mwen ret kwè’l pap rete pou tout tan

Se gade wè’w sou yon kabann
Yon dal moun kanpe devan’w
Yap prye pou je’w louvri kèt,
Se sa pifò tout tap tann
Pou yo di’w kenbe di
Entèl pat ka vini
50 dola, Dread, m’oblije pote’l pou li
Lè’w vin jwenn konesans,
Ou wèw pèdi yon membre kelkonk
Moralman ou pèdi manman’w
Non se sèl li ki sou sèn nan la,
Poze kestyon pouki malè pat avèti’n
Menm jan tout yo di’n,
Fòk nou ka sispann bati bò ravin

Jwi lavi’w fre’m tout tan’w ka viv
Bouske lavi, defwa tou konn detwi lavi
Ou we jou’w viv
Ou pa konn ki jou wap mouri
Jodia kout kon bout jupe
Fome’l dous dous tankou yon bout kann (2 fwa)

Chak fwa map trip, mwen pa janm panse ak lanmò
E lè’m kwaze an yon antèman, m etone kèm bat fò
Lè sa ba’w tan pou’w brase
Se pou le pye’w glise pou’w prepare pou’w tonbe
Di ak frè’m, di ak sè’m lavi se yon defi
Kit se fanmi’m.kit se zanmi’m
Piga’w kouri sou li
Pa gen anyen ki piti
Si lanwit te easy
Pa gen moun ki tap tap janm femen pòt pou li

Yo lavi a dròl, li di, nou tout fini pa viv li kanmen’m
De jou ou kontan, konsa tou de jou, ou ka wè ou vin blèm
Yo’w se sans li bòs, tout sa map diw rete fèm
Branche pou’w rete, se moun kap batay ki viv
Ou ka chwazi kòman vle viv,
Men jamè kòman w vle lib
Yo’w chwazi manje diri, men jamè mayi ak viv
Si’w gen le chwa, pa gen rezon pou’w ap komplexe lavi
Men’m lè touman’w anpil, ak sa’w genyen
Pa jan’m bouke jwi’l yo’w

Jwi lavi’w fre’m tout tan’w ka viv
Bouske lavi, defwa tou konn detwi lavi
Ou we jou’w viv
Ou pa konn ki jou wap mouri
Jodia kout kon bout jupe
Fome’l dous dous tankou yon bout kann (4 fwa)

Facebook Comments

Visits: 108


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives