LYRIC

Si nap koupe san plante bwa
Tout tè ki nan mòn yap degringole
Pa koupe bwa
Chak sa n koupe nan fòs nou prale
An n plante bwa
L’union fait la force nap pwouve l
Bwa
Fouye tou pou n plante patou patou
Mete bwa
Pou tè ki nan mòn pa degringole
Pa koupe bwa
Chak sa n koupe nan fòs nou prale
An n plante bwa
L’union fait la force nap pwouve l
Bwa
Fouye tou pou n plante patou patou
Mete bwa

Mesaj a la nasyon nou dwe koute
Yon koze ki trè rijid sou bwa nap koupe
Nou wè se vre debwazman sechrès lap koze
An n fè souple rebwazman se fòs lap pote
Tout jèn kou vye an n monte nan mòn nal plante
Figi peyi n kap degrade pou nal rekanpe
Ak konsyans nou dwe gen kòm randevou
Pran pikwa pou n fouye twou
Mache ak plant pou n met nan tout
Kap yon chans pou twou egou
Bwa se lavi
Sikonstans pa dwe fè w koupe l frè m pou w bwase lavi
Si konsyans pa touche lè w fè sa m kwè sa se lacune
Si konsysans pa fè n wè malè kwè n va fè la une
Gen deja kòm ekzanp Fon vèrèt, Gonayiv
Yon karans bwa te bay yon kay an nwa
Yon katastwòf ki fè kriye rele koz karans lwa
Pa koupe bwa
Bwa pot oksijèn
Pouki nap koupe koupe koupe san n pa plante yon fwa
Si nap koupe san plante bwa
Tout tè ki nan mòn yap degringole
Pa koupe bwa
Chak sa n koupe nan fòs nou prale
An n plante bwa
L’union fait la force nap pwouve l
Bwa
Fouye tou pou n plante patou patou
Mete bwa
Pou tè ki nan mòn pa degringole
Pa koupe bwa
Chak sa n koupe nan fòs nou prale
An n plante bwa
L’union fait la force nap pwouve l
Bwa
Fouye tou pou n plante patou patou
Mete bwa
Voye je w nan mòn wap wè se mazora li ye
Tèlman ayisyen koupe bwa yo ak vorasite
Gon lè m pa kwè nap gentan pou n gen tan
Pare kriye BonDye pou pa lage n nan kouri
Map fout parye si w te plante patap pale de mouri
Si nan 2, 3 zan ou ta renmen pou lanati fleri
Fò w fè rebwazman si w ta renmen w gon ayiti cheri
Fò w kont debwazman lap mennen avan lavi n peri
Fò w foure bwa patou nan nenpòt two
E sa se devwa pa w tou
E m vle fò ou ta fè l jis avan ke lanati peri
Ayisyen jwe ak lavil nan fè sa ki pa bon
Yo jete fatra nan ravin koupe bwa fè chabon
Lè w panse koupe yon bwa plante 10 pito
E ou genyen kòm devwa fè l nan plis vil yo
E nan biznis yo antre achte yon fou
E panse ak yon jou si w pa gen gwo bwa djanm ki pou bare dlo

Pa koupe
Fò w bay lavi jan Lavi dous frè m
An n mete le bwa
Pou pwoteje sante n pa bliye
An n plante bwa
Pou anviwonman pa degrade
Pa koupe bwa
Gen danje
Si nap koupe san plante bwa
Tout tè ki nan mòn yap degringole
Pa koupe bwa
Chak sa n koupe nan fòs nou prale
An n plante bwa
L’union fait la force nap pwouve l
Bwa
Fouye tou pou n plante patou patou
Mete bwa
Pou tè ki nan mòn pa degringole
Pa koupe bwa
Chak sa n koupe nan fòs nou prale
An n plante bwa
L’union fait la force nap pwouve l
Bwa
Fouye tou pou n plante patou patou
Mete bwa
Tout tè ki nan mòn yap degringole
Pa koupe bwa
Chak sa n koupe nan fòs nou prale
An n plante bwa
L’union fait la force nap pwouve l
Bwa
Fouye tou pou n plante patou patou
Epa nenpòt bwa non man ahh
Plante mapou figye gaya (bon bwa)
Bwa ki bay ki bay fui yo (I&I)
E sitou pa bliye lila
Se seche yo seche dlo e nou bezwen dlo pou n bay bwa

Facebook Comments

Visits: 46


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives