LYRIC

Are u ready?…
I said are u ready?…(BC!)
Pou’n chase stress nou, problem lavia
BC konn doulè nou, men Terapi a
Nou pote frap, nou pote vibe ki pou reveye’w (wi!)
Souke tchatcha, woule kata nou vin degrese’w (wi!)
Evite fatra, li pa trò ta, pou’l pa nwi sante’w (wi!)
Evite traka, met kapòt la lè’w pral defoule’w (wi!)
Leve, leve men’w. Frape frape men’w (Ow!)
Bouje, bouje ren’w, Pou doulè pa jennen’w
Nap kapote’l adwat (Kow!)
Nap kapote’l agoch (Kow!)
Woy men barikad, vin geri tout malad (Yow!)
Nap ba’w bon jan plezi, chase melankoli
Menm siw gen maladi, nap f’on jan pou’w geri
Malgre tout trajedi, ayiti pa ka peri
Nou pa pwomèt ou paradi
Wa pran BC kòm Terapi
Terapiii, Terapiiii Terapiii pou Ayiti…
Ayiti pa ka peri
Nou pa pwomet ou paradi
Wa pran BC kòm Terapi
Mwen pa konprann peyi a telman moral moun yo bese
Lè pèp la vle kanpe, g’on lawon goch kap di yo bese
Jèn yo pedi kontwòl yo tèlman tout moun ap viv strese
Ayiti se pou nou, fò’n met ansanm pou li pa blese
Lè’n f’on tcheke sou fan yo, yo di nou sèvo yo ba ba
Kounya BC lage, s’on sel bagay tout moun se pla pla
Vandredi, samdi, dimanch genyen kap soufri.
Lendi m pap kite’n peri, madi vin nan TeRaPi (Excusez-moi!)
Zo fè mal, doulè nan ren, problèm nan brain
Bezwen yon terapi, mesye fè mouvman, medam bwè grenn
Sa ki two gwo nou pa ka vale, na souse li
Nèg ki pa ka mache yon bon prochen va jouke li (paske)
Mwen menm Bricks m pran echèk, m jere tèt mwen
Le’m tonbe m leve, m pran plis level apre defèt mw
M wè, gen neg ki pran feeling lè yap fel ak ponyèt yo
Konsa gen fi ki pi renmen lè lòt fanm souke tèt yo
Pou problem mw gen nan dan’m se yon trètman pou’m jwenn
*Ban’m Terapi’m, sel BC’k pou geri’m. (Woy, woy, anmwey,
tonerr manrajee)
M santi On doulè nan zo
M santi On doulè nan do
M santi On doulè sou po’m
Li rive jouk nan sèvo’m
M santi On doulè nan bra’m
Doulè sa vin pou fann fwa’m
Pou problèm mw gen nan tèt mwen s’on bon trètman pou’m
jwenn.
Woy ban’m Terapi’m, sel BC’k pou geri’m (Woy, anmwey,
tonerrr, manrajee)
Men Barikad la
Gwoup yo pa ka tag la
Gwoup yo malad la
Mwen diw leve sou kab la (Tonnè boule’m)
To the left, to the right
To the back, to the front
Jump jump jump jump jump! Energy!!!
Ban’m Terapi’m, sèl BC’k pou geri’m (X)
(Jump, jump jump, jump, jump jump…) Eeeenergy!!!
(Bridge)
Yo tonbe chèche Majori
Poutan’l gaye nan bann (BC!)
Premye jou li danse kont li
Nan demen mennen’l grann lan (Manti!)
Manmi papi di’l pap f’on pa, met siveyans sou chanm nan
(Evreee!)
Pandanl te gentan nan lari, zòrye’l te sou kabann nan (L’al
nan Terapi!)
Li met men dwat anlè (Anlè!)
Li ouvè bò dwat la (Dwat!)
Li met men goch anlè (Anlè!)
Li ouvè bò goch la (Goch!)
Li pike devan’l (Zobodop Zobodop!)
Li pike devanl (Zobodop Zobodop!)
Li pike devan’l (Zobodop Zobodop!)
Awoyo, awoyoo (bis)
Si’m pat gen Barikad mezanmi
M tap pran nan tout vye maladi, Woy!
Prezidan bezwen terapi
Paleman bezwen terapi
Etidyan bezwen terapi
Atizan bezwen terapi
Ou Ho-O-oo (Siw gen doulè, ou santiw gen kò fè mal)
I ye-E-ee (Barikad crew sa s’on lopital)
Ou Ho-O-oo (Ipapkreyòl sa fenomenal)
I ye-E-ee (Gonaïves ann ale!)
Tout paran, potestan, katolik, alkolik, lapolis, lajistis
Tout minis, jounalis, prizonye, malere, kokobe, zotobre.
Tout ayiti an antye malad, nou bzwen terapi!
Anseyan bezwen terapi
Komèsan bezwen terapi
Peyizan Bezwen terapi
Vodouyizan Bezwen terapi
Ou Ho-O-oo (Siw gen doulè, ou santiw gen kò fè mal)
I ye-E-ee (Barikad crew sa s’on lopital)
Ou Ho-O-oo (Ipapkreyòl sa fenomenal)
I ye-E-ee (Gad’on anbyans total)
Turn up, turn up, turn up!
Burn up, burn up, burn up!
Handz up, handz, handz up!
Jump up, jump up, jump up!
Barikad sa! (S’on tretman!)
Mizik sa! (Clean tenpan!)
Ipapkreyol sa! (Gwo mouvman!)
Nasyon sa! (Bezwen devlòpman!)
(Poze! Saj! Poze! Trè Saj! Yo hype, ole! Ole! Kazino beatz,
Chofe! MmixX, Chofe! Maestro!
Ponpe, ponpe, ponpe, ponpe, ponpe, ponpe, ponpe, ponpe!
Ou wo-O-oo (Antasyon maladi!)
I ye-E ee (Veye chalatan!)
Ou wo-O-oo (Bann solda rabi!)
I ye-E eee (Minista anemi!)
Le’w vin nan BC, wap fè terapi
Tout bagay desann, manzè pa tifi
Lè li wè zouti, li tonbe souri
Iii ii ii-ii ii (Haaaahaa)
(Izo) Met BonDye nan nan’m ou. Ii-ii ii-ii
(Brital) Sispann tronpe madanm ou. Ii-ii ii-ii
(Bricks) Pa bay jwe nan janm ou. Ii-ii ii-ii
Tèt kole pou Ayiti pi djanm!!
M pa konn doulè’w! Ou pa gen T sa nan tas oo!
Ti Sizons!

Facebook Comments

Visits: 63


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives