LYRIC

INTRO
Nan silans, nou travay san pèdi sans
Ayisyen, nou konn sa li ye deja!
BC, BC, B-BC, BC, B-BC, BC, B-BC!
C’ quoi l’affaire?
BC, BC, B-BC, BC, B-BC, BC, B-BC!
U know what it is!

Travay son gwo bagay
Lakay An’n sispann batay
Pou’n met peyi a sou ray
Nou bezwen travay
Bezwen moun ak may
Pou’n fè bèl bagay
Jenès la bouke pase tray
Fò’n ba yo travay
Pou yo pa detay
Sak deyò retounen lakay
Vin ede’n travay

Anplis de love nou bay (Ayy!)
Fanatik yo fè’n travay (Ayy!)
Gen sa’k di nou s’on grabday (Ayy!)
Poutan nou fè bagay (Ayy!)
Medam an’n fè bye bye
Mesye no briganday (Ayy!)
BC pra’l fè nou high (Ayy!)
Yap met pyèj nap travay (Ayy!)

Ayayayayay! (Woy woy!)
Tand’on Deblozay (Li cho li cho!)
Frap sa gwonde tankou Loray (Se blogodoy!)
Lè Barikad rive’l tranble tout kay (Vin voye dlo!)

(Travay!)
Si’n bezwen tout bon, Ayiti avanse (Travay!)
An nou met men, pa gen chita ranse (Se poun travay!)
Fòk nou respekte, tt moun kap kreye (Travay!)
La critique est aisée, il n’y a pas de sot métier
Se pa rete tann gouvènman, li lè pou’n f’on mouvman
Ou gen plis pase 40 tan, toujou sou kont paran
Plede pran diaspora sou plan, pou’w jwenn transfè lajan
Peyi nou gon pakèt richès, epi’n tankou mandyan

Madanm mw leve’l kite kay la paske’m pap Travay
Menm vwazin ki konn prete’m tay la di li pap banm ride
Depiw pap fonksyone, moun jourew parese
Lèw bezwen ou mande, yo trete’w ti visyeu
M detay, m detay, avèk lavi map fight
Map met, may map met may, kanmenm fò’m jwenn travay
Ou te mèt ap pous’on bourèt yo palew mal (Pa okipe yo)
Konnen travay se libète, lè yo gade’w (W’ale kite yo)

Mwen diw brase, men piga’w vann dinyite’w pou djòb
Ou ka punche, san’w pa bay okenn patron bl job
M travay anpil avek micro’m, m chante pou pèp, chante pou
sak ba
Gen jèn gason’m chanje nivo, tankou gen fanm m fè travay
chak swa
Bravo pou tout antreprenè kap ba moun degaje
E chapo pou tt paran kap goumen pou’w jwenn 2 papye
Pare’w pouw konbat lavi, kalme’w son konba avi
Pa bliye ke Ayiti ka cheri, pa paradi (Wiiiiiii)

O Bondye ba’n plis fòs ooh
Pou nou lite, anba mechan yo
Nou fè Sakrifis
Nou pa jwenn jistis
Nap ret pi fokis
Nap travay pi plis
(Koral)
Ooooooooooooooooo
(BRITAL REPONS)
Pou valè obstak konnen nou pase
Yo di’n fè ve zak poutan se pa vre
E’n konn Barikad pap janm efase
Nap tj ret nan memwa yo

Fòn pa bliye lè nap pran plezi nou
Nou dwe pwoteje vi nou
Paske’n se avni peyi nou
Nou pap kite anyen detrwi nou

Izo pral ba yo (Tèk!)
Fantom pral ba yo (Tèk!)
(Nou gran yo depi opa, nou pran yo dpi opa!)
Konda pal ba yo (Tèk!)
Bricks, Brital ba yo (Tèk!)
(Nou gran yo depi opa, nou pran yo dpi opa!)
BC gaye wonn nan (Nou kase chelèn yo!)
Ak yon gwo tèk nan mitan wonn lan (Sa pa game nintendo!)
BC gaye wonn nan (Frap sa rann yo dingo!)
Ak yon gwo tèk nan mitan wonn lan

Gadj’on peyi rich, gadj’on peyi rich
Pou nap pase mizè, pou nap pase mizè
Se paske nou chich, se paske nou chich
Nou pa vle viv an frè, nou pa vle viv anfrè
Woooo… pèp ayisyen renmen travay
Ba yo travay, ba yo travay, travay c libète
Woooo Ouwo ouwo ouwo… pèp ayisyen bezwen travay
Ba yo travay, ba yo travay, pou nou k avanse

Siw bezwen travay (Weeee!)
Met mayo anlè (Weeee!)
Siw konn fè travay (Weeee!)
Met kepi anlè (Weeee!)
Siw konn bay (Weeee!)
Leve 2 men’w anlè!
Souke-souke-sou-sou-souke-souke-souke yo!

(Bis)
Sak te diw fè sa (Mèwi!)
Ou konn sa’n ye deja (Ou trayi pèp la papa!)
W’al chèche traka (Vin fourel non!)
Ou tonbe nan aaaaa…(Bann abolotcho!)
Rale kòw la, rale kòw la, rale kòw la, rale! (Radòt!)
Rale kòw la, rale kòw la, rale kòw la, rale! (Anyen’w pa
ye!)
Rale kòw la, rale kòw la, rale kòw la, rale! (Ou pa
kapab!!)
Rale! Rale! Rale! Rale!

Nan peyi sa pou sa nou fè
Onore’n ak 2 men anlè, epi di:
(Nou fè travay, nou fè bagay, nou fè travay, nou fè!)
Pale moun mal sèlman ou fè
Men moun pa janm wè sa ou fè, ah monchè
(Kite’n travay, kite’n travay, chèch’on bagay pouw fè!)
Tout sak vin moute mal (Kopblip!)
Ti ratatay (2 pat!)
Aryennafè (Kopblip!)
Tout woulibè (2 pat!)
Pou tout parazit (Kopblip!)
Sak gen zizirit (2 pat!)
Tout sa yo te vle fè, pa fè efè, nou ret 1 mit (eklate!)
(Bis)
Ban’m bon jan, ban’m bon jan (men mwen chérie!)
Kounya map travay, kounya map travay (lavi’m chanje!)
Mache’l non madanm… mache li (Ouuy!)
To loose baby! Alèz… ou pran chaj
Yo HYPE!

Facebook Comments

Visits: 78


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives