LYRIC

Jodi a se jou
Nou t ape pale
Si djakout la lou
Pa ban m chay, pou m pote
Piga nou pantan
Lajenès puisan
Tiyo mizik la louvè
Pa pran sa k dous
Jete sa k anmè
Si efò ki pou fè n fò
Pa kenbe m
Pa mare pye m
Pa rete yon jenerasyon
Lòlòj la fè tou kay
E li tounen nan menm bagay
Mizik pa nou sou ray
E nou pa bezwen deblozay
Fò n fè yon resiklay
Pote kole pou bon travay
Compas nou bouke pase tray
Tout sa k pa dakò ap pran fay

Sispann fè fatig sèvi pou parès
An n mate Compas
San n pa an reta
Li lè pou n fè mizik nou avanse
An n mate Compas
San n pa an reta
An nou ale, an n al danse
An nou pati netalkole
An n mate Compas
San n pa an reta
Li lè pou n fè mizik nou avanse
An n mate Compas
San n pa an reta
Depi tanbou woule konsa
Se Compas ki mare la

Si ou pa vle mache l konsa
Ti papa, ou pa opa
Si ou ap mache Compas Opa
Ou pap avanse la Opa
Depi tanbou woule Opa

Tout moun kanpe danse Opa
An n al mate Compas la Opa
An n al danse Compas la Opa
An n al mache Compas la Opa
An n al danse Compas la
Depi tanbou woule konsa

Se Compas ki mare la
Si ou pa vle mache l konsa
Ti papa, ou pa opa
Si ou ap mache Compas Opa
Ou pap avanse la Opa

Depi tanbou woule Opa
Tout moun kanpe danse Opa
An n al danse Compas la Opa
An n al mache Compas la Opa
An n al danse Compas la Opa
An n al mache Compas la
Depi tanbou woule konsa

Se Compas ki mare la
Si ou pa vle mache l konsa
Ti papa, ou pa opa

Facebook Comments

Visits: 56


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives