LYRIC

Nou te kab sòti
Anba yon esklavaj anraje
Nou te ka remonte
Yon represyon byen plase
Kounye a li lè, pou nou tout chita
Pou nou panse
Goumen pap regle anyen
Se linyon k pou fè n rive
Nou se yon pèp sivilize
Anyen pa kab fè n deraye
Lite pou jistis triyonfe
Men nan men, jouk nou delivre
Ak linite
Nou kab rive tout kote
Men nan men
Pou n kab goumen
Pou nou gen yon pi bèl demen
N ap kanpe
Pou n lite, san rete
Pap janm bouke
Chache chimen libète
Limen limyè verite
Wi, nou konnen sa
Se linyon ki pou fè n rive
Wi, se linyon k pou fè lafòs
Wi, nou kab di sa

Se men nan men, ki pou fè n monte
Men nan men ki pou fè n rive la
Wi, nou konnen sa
Se linyon ki pou fè n rive
Si nou ansanm, nou kab pi fò
Wi, nou kab di sa
Se men nan men, ki pou fè n monte
Wo oo, yèèè
Ak linite
Nou kab rive tout kote
Men nan men
Pou n kab goumen
Pou nou gen yon pi bèl demen
N ap kanpe
Pou n lite, san rete
Pap janm bouke
Chache chimen libète
Limen limyè verite

Facebook Comments

Visits: 64


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives