LYRIC

Lè m rete m sonje
Ti peyi mwen, Ayiti
Bèl peyi solèy
Kote tout tan te gen mèvèy
Men kounye a sa chanje
Li pa konn kote li ye
Ki bò l prale, kisa pou l fè
Li bezwen limyè, pou l ka wè klè
Ahhh, chalapta lapta
Chouboudouwa, chouboudouwa

Chalè solèy ou
Se ti karès sou kò mwen
Dlo lanmè ou
Se yon bon masaj ki fè mwen byen
Mwen pa ta vle sa chanje
Mwen ta vle toujou mache
Anba solèy, sou sab lanmè
Anba pye bwa, nan bon frechè
Chouwoumdamde, chouwoumdamde

Lè a rive
Pou sa chanje
Klòch la sonnen
Nou pa kab rete gade
Nou gen yon syèl ki san parèy
Poutan nou met dèy anba solèy
Lalin kite chandèl pou lanmou
Tounen pwojekte nan prizon moun fou
Kite li monte
Ba li yon ti chans pou l rive
Lè sa a nou va danse yon bèl bal
San se pa bal pou fè nou danse
Lè a rive
Pou sa chanje
Klòch la sonnen
Nou pa kab rete gade
Ayiti cheri, se li
Ala yon bèl ti peyi
Ayiti cheri, se li
Se li, m renmen
Ayiti cheri, se li
Se ladan l pou m tounen
Ayiti cheri, se li
Ayiti
Ayiti cheri, se li
Lè a rive
Pou sa chanje
Klòch la sonnen
Nou pa kab rete gade
Ayiti Yon peyi solèy
Ayiti Yon peyi lanmou
Ayiti Yon peyi frechè
Ayiti Yon peyi karès
Ayiti Yon peyi tandrès
Ayiti Ayiti

Facebook Comments

Visits: 92


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives