LYRIC

Ti gason rale kò w
Bay bit la mache
Si w pa vle pran pa w
Pa rete kanpe
Sote ponpe, ou pap brennen
Sa k byen kanpe, k ap byen mennen
Monkonpè men pa w
Makomè men pa w
Te mèt te youn
De ou twa, ajoute plis
Pap deranje l
Monkonpè men pa w
Makomè men pa w
Si tout pwason mòde
Lè m voye zen m nan dlo
Se paske mwen mete
Tout sa k pou rale yo
Mizik pa m, se pou m jwe
Pa zòt se pou m tande
Orijinalite ap fè l monte
Monte monte
Sote ponpe, ou balanse
Mizik la dous, an n danse
Woy woy, woy woy
Mate mate, pa frape
Voye monte, an n ale
Woy woy, woy woy
Zepòl ak zepòl
Douvan ak douvan
N ap balanse
N ap souke kò n

Woy, ti doudou
Balanse, souke kò n, kadanse
La poupée à sucre
Balanse, souke kò n, kadanse
Cheri an mwen
Balanse, souke kò n, kadanse
Woy, ti manmi
Balanse, souke kò n, kadanse
Zepòl ak zepòl
Douvan ak douvan
N ap balanse
N ap souke kò n
Wi, nou pral balanse
Balanse, souke kò n, kadanse
Woy, ti manmi
Balanse, souke kò n, kadanse
Ay, nou pral kadanse
Balanse, souke kò n, kadanse
Woy, ti doudou
Balanse, souke kò n, kadanse
Men pa w, men pa w
Chache kenbe l
L ap chape, si li chape
L ap mate, si li mate, w ap rele
Si ou rele, l ap move
Si li move, ou chire
Si ou chire, rekoumanse
Se melodi k ap vide
Sou fanatik ki vin danse
Men pa w, men pa w

Chache kenbe l
L ap chape, si li chape
L ap mate, si li mate, w ap rele
Si ou rele, l ap move
Si li move, ou chire
Si ou chire, rekoumanse
Se melodi k ap vide
Sou fanatik ki vin dan

Facebook Comments

Visits: 56


Added by

Opastaff

SHARE

VIDEO

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives